Atik sa, se yon ekstrè jounal pèsonèl mwen. M chwazi pataje l paske m te renmen jounen an anpil pou kalm avèk kè kontan li te pote pou mwen, e m twouve sa m ekri a kalme lespri m chak lè m reli l.

Anvan ou kontinye, kite m avèti ou de kèk bagay enpòtan :

  • pa gen ankenn leson moral ou ap dirèkteman jwenn nan istwa ou pral li a, e ou ka fatige ak sa m ekri yo paske m bay anpil detay.
  • atik sa pa yon fason pou m fè ou panse m gen yon trèèè bèl vi oubyen m ap byen pase (menm jan avèk tout moun, m gen bon jou e m gen move jou).

Yon lòt rezon ki fè m pataje ekstrè sa, se paske m konn santi m byen nan li kèk pati nan lavi kèk moun e m konn tou jwenn enspirasyon pou atitid m ka adopte nan vi pa m.

M espere ke gen kèk moun ki sanble avè m sou pwen sa ki ap tonbe sou atik sa, kèk moun ki - lè yo fin li istwa sa - ap sonje ke kè kontan souvan kache nan ti bagay ki byen senp yo.

Si ou pa anvi li atik sa, w ap jwenn plizyè lòt sou sit mwen an ki ka enterese w. E si malgre tout sa m sot di ou la yo, ou anvi kontinye, m ap swete ou yon bon lekti !


Jodi an, m pase yon bèl jounen. Petèt menm ke se pi bèl jounen mwen pase depi yon bon ti tan.

M te leve a lè pandan yon moun ki enpòtan anpil te vin bo m epi di m li renmen m aprè li te fin ouvri fenèt yo pou solèy ka antre, e aprè sa nou t al fè spò ansanm. M te fè 1 èdtan ap li epi pran nòt, m te manje yon "yoghurt" epi aprè sa nou al benyen.

M netwaye epi ranje biwo m anvan m kòmanse travay, e pandan plis ke 1 èdtan, m te rive fokis sou pwochen Les Lundis de Louse la. M te enspire nan pwen ke m te tou fini a bwouyon an !

Aprè sa m te reponn kèk mesaj sou Instagram.

Depi anvan midi, m te santi jounen an ap vrèman byen pase e m te rekonesan pou sa. M te renmen jan m te fokis lan, jan m te gen panse pozitif epi... jan m t ap apresye ti viktwa m yo !

Lè lè "lunch" lan te rive, Nick te al peye entènèt la e m te rete fè manje poukont mwen. M fè yon nouvo resèt jodi a (Tuna Patties), e m te sonje met chemiz pandan y ap fri - m te boule avanyè paske m te met yon top, m tou pran leson !

M te prepare pou mwen sèlman, men pandan m ap manje twazyèm patty mwen an, Nick tounen. Kòm mwen te santi vant mwen gentan plen epi kòm nou te deside se mwatye rekòmandasyon nou yo nou ap manje, m ba li twa "patties" olye m al fè pou li, e nou te akonpanye yo avèk zaboka. Sa pa t mal menm menm !

M te vin kòmanse ap ekri a Kouka (moun ki rann Rapèl Mèkredi yo pi bèl ak desen li yo), e sa te ogmante kè kontan m lan plis toujou paske mesaj li yo te chaje bon enèji.

M te fin gade ti komik manje ki vivan nan makèt lan pandan m t ap manje a, e sa fè m depoze asyèt mwen zòn 2 zè. M fè yon ti pase tou piti sou Les Lundis de Louse lan akoz sa, men sa te itil.

Aprè sa, m te fin pran nòt sou liv Hardwiring Happiness lan. Sa te fè m plezi anpil anpil. M renmen mesaj liv sa te pote pou mwen an, m renmen jan li raple m kèk bagay mwen te bliye, e m kontan paske m rive fin pran nòt yo aprè yon semèn.

Ant kèk bizou, kalen, plizyè souri pwovoke, tande Jazz avèk ekri a Kouka e plizyè lòt ti detay ankò, kè kontan an te kontinye ap grandi e sa te fè m plezi anpil anpil.

M pa t gentan fini vèsyon final Les Lundis de Louse lan anvan lè dine an, men m te byen avanse kanmèm.


Jodi a m te fè Pasta Caprice pou premye fwa, e li te bon ! Malgre m pa t anvi fè manje, m te fè efò pou m kontinye kenbe bon enèji an pandan m te nan kizin lan, e sa te mache.

Kontrèman a jan m te panse pat lan t ap twò piti an, kantite a te pafè pou mwen menm ak Nick. Petèt se akoz tomat yo ?

M te santi m anvi sispann travay aprè m fin manje a, men m pa t ka bliye ke jounen an te twò ap byen pase pou m pa ta chache atenn objektif prensipal jodi a. Sa te pèmèt mwen fini LLL lan nan 30 minit, aprè 30 minit poz.

Petèt ke se ti te vèvenn ak mant m te bwè pandan m t ap travay sou LLL lan ki fè m avanse vit konsa ? Antouka, m te renmen santi ti chalè a nan lestomak mwen, e ti “palmier au zeste de citron” m te manje pou akonpanye li an te bon anpil.

M te swete travay sou pwochen atik mwen an, men m pa t santi lespri m dispoze pou sa malgre li pot ko menm 9è. M te di Nick sa e li te konseye m sispann travay pwiske m fè ase bagay pou jounen an, e m te tou pran sa kòm yon siy pou m al chache detann mwen.

M t al chita devan tele a pou m al regade youn nan fim ansyen m pi renmen ane sa a - Love in the afternoon - , epi m pase plis ke 1 èdtan ant souri fim lan ban mwen yo epi ekla ri mesaj Kouka yo pwovoke lakay mwen.

Se te vrèman yon bèl jounen pou mwen, e m santi kè m ap debòde ak kè kontan pandan m ap ekri sa la. Pa t gen anpil bagay ki ta ka parèt spesyal nan je lòt moun, men m santi chak ti detay jounen sa te spesyal pou mwen e ke se sa ki fè li bèl konsa.

Koyensidans, moun mwen ekri plis avèk li pandan jounen an - Kouka - sanble viv yon bagay sanblab tou. M twò kontan pou nou ! E m gen enpresyon ke nan voye bon enèji youn bay lòt nan mesaj nou yo, nan fè youn lòt ri epi nan pataje ti moso nan listwa nou, nou fè lòt la kontan, e nou miltipliye kè kontan pa nou.

M renmen jounen sa anpil, e m ta renmen sonje li.

M imajine se sa ki rive lè ni sante mantal ou, ni pwodiktivite ou jwenn satisfaksyon nan sa ou fè nan jounen an. Ah..! Ala bagay bèl, se ti bonè senp yo.

11 novanm 2021, 22:22


P.S. : Imaj ki nan atik la se zèv Kouka.