Yè maten pandan m ap imajine kijan jounen an pral pase, m reyalize ke anpil pati nan jounen an, se abitid ki konstitiye yo.

E m pa t ka anpeche m mande tèt mwen : "Kisa ki t ap rive si m te gen plis kontwòl sou abitid mwen yo ? Èske m pa t ap pi ka atenn objektif mwen yo si m te chwazi genyen abitid ki bon pou mwen ?"

Kite m fè yon ti pale de abitid, de kijan yo fòme, e de kijan nou ka chanje oubyen devlope abitid nou vle yo.

Si ou prefere gade video a olye ou kontinye li atik la...

Yon abitid se yon aksyon nou plede repete jiskaske li vin fè pati de nou menm.

Abitid modle mantal nou, yo voye lavi nou nan yon direksyon byen spesifik. E pafwa, se gras a bon abitid nou yo ke nou rive fè ti pwogrè malgre nou santi n pa gen fòs pou sa.

Lè nou kiltive abitid ki an akò ak objektif nou yo, sa ede nou gen kontwòl sou lavi nou. Anplis nou fè kèk bagay pi byen, e sitou pi vit, sa ki pèmèt nou gen tan pou nou fè lòt bagay toujou.

Ki strikti yon abitid ?

Daprè rechèch ki fèt sou sijè a, yon abitid se yon bouk ki gen twa pati :

  1. Yon eleman deklanchè (yon pawòl, yon sitiyasyon, yon santiman)
  2. Yon woutin (ki se reyaksyon, konpòtman ou genyen an)
  3. Yon rekonpans

Pati ki pi fasil pou nou wè an, se woutin lan. Nou wè ki konpòtman nou genyen nan yon sitiyasyon e n souvan panse se li menm ki abitid la.

Se sa ki fè lè nou vle chanje yon abitid se souvan woutin lan ke nou chache koupe sèk. Men eske se pi bon fason pou n pwosede ?

Kite m pale nou de youn nan abitid mwen yo ki t ap ban m pwoblèm, e de kijan m te chache jere sa.

Yon egzanp pèsonèl

Pafwa m rete,

  1. M santi m raz, m pa ka rive fokis sou sa m ap travay sou li a (eleman deklanchè)
  2. M pran telefòn mwen, epi m al jwe oubyen m al gade piblikasyon sou Instagram (woutin)
  3. M santi m san strès, m rilaks (rekonpans)

Kisa ki fè m di abitid sa t ap ban m pwoblèm ? Se vre ke rekonpans m jwenn lan enteresan pou mwen, sur le moment.

Men kisa sa ap bay "sur le long terme" ? Si m ap plede pratike abitid sa, m ap prokrastine anpil, e m pral gen reta nan pwojè m yo.

Premye reflèks lè m te rann mwen kont de sitiyasyon sa, se te mete telefòn lan lwen m lè m santi m pa ka fokis. Gwo erè !

Paske non sèlman ou pa ka elimine yon abitid san ou pa met yon lòt nan plas li, men si ou pa bay tèt ou yon rekonpans nan sitiyasyon an, ou ap santi ou fristre paske sèvo ou pral voye plis siyal ba ou toujou pou ou ka al chache rekonpans lan.

Gen yon altènativ ke m te rive jwenn e ke m kontinye ap eseye. Se pran yon poz 5-10 minit, kanpe pou m byen detire tout pati nan kò m, panse ak yon pakèt bagay pozitif, epi vizyalize rezilta efò m yo pral pote si m rive fè sa m gen pou m fè yo.

E jeneralman, aprè sa, m santi mwens strese, m santi m rilaks. Se toujou menm eleman deklanchè a, menm rekonpans lan, men m chanje fason m reponn a sitiyasyon an, m chanje woutin lan (konpòtman).

Si menm jan avè m, ou gen yon abitid ou anvi chanje, pran bagay pou ou ekri, epi ann fe yon ti egzèsis.

Kijan ou ka chanje yon abitid ?

1 - Idantifye yon woutin ou vle chanje

Pwiske woutin lan se souvan premye bagay ke nou wè, m vle ou gade ki konpòtman ou genyen e ke ou pa renmen.

Ki bagay ou abitye fè ou santi ki pa bon pou ou, ki pa mache a stil de vi ou vle mennen an ?

2 - Jwenn eleman deklanchè a

Reflechi a denyè fwa ou te gen konpòtman sa.

Sa w t ap fè ? A kiyès epi kibò ou te ye ? A kisa w t ap panse ? Ki lè li te ye ? Ki jan ou te santi ou ?

Chache idantifye koz ki konn deklanche konpòtman sa lakay ou.

3 - Detèmine rekonpans lan

Detèmine satisfaksyon ou jwenn nan genyen konpòtman (oubyen woutin) sa. Paske se vre ke konsyans ou ka repwoche w, oubyen gen efè negatif ke ou santi aprè ou fin gen konpòtman sa, men gen domèn kote ou santi ou byen kanmèm aprè sa.

Panse a kijan ou konn santi ou aprè ou fin gen konpòtman ou vle chanje a ka ede ou idantifye kisa ou ap chache ki fè ou ap repete abitid sa.

Gendwa se yon "break" w ap chache pran, se byen ou anvi santi ou byen, ou vle bliye yon pwoblèm. Gendwa se pou ou santi ou cool tankou zanmi ou yo, pou ou montre ke ou granmoun, ke ou se yon rebèl, ke ou endepandan.

Gen plizyè rekonpans posib ou ka idantifye. Chache wè kiyes ki vrèman ale a sitiyasyon ou an, epi note li kòm rekonpans prensipal abitid ou a.

4 - Fè lis opsyon ki ka ranplase woutin lan

Gade ki lòt opsyon ki ka ranplase woutin ou an. Pa bliye ke ide a, se gen yon konpòtman ki ap diferan de sa ou genyen an men ki ap pote menm satisfaksyon an ba ou.

Pwiske ou konn eleman deklanchè a ak rekonpans lan, li ta dwe pi fasil pou ou pou ou konn kisa ou ka fè pou ou ka jwenn menm rezilta.

Pou egzèsis sa efikas, li ka nesesè pou ou fè li plizyè fwa, pou ou obsève tèt ou nan plizyè ka kote ou pratike abitid ou vle chanje a. Sa ka parèt fatigan, men rezilta yo vo efò a. Dayè plis ou ap fè sa, plis li ap vin pi fasil paske li ap kòmanse vin yon abitid.

Kijan ou ka devlope abitid tou nèf ?

La m sot pale de chanje yon abitid, men e si ou vle retire li nèt ? Ann di ke ou pa renmen rekonpans yon abitid ba ou, e ke ou vle fè yon abitid tou nèf ak yon lòt tip rekonpans.

Pou ou rive devlope yon abitid, fòk ou trè anvi li. M sonje te gen yon fraz m te li lè m te piti ki te make m : "Li bon pou ou vle chanje. Men konn ki avantaj ou ap tire de chanjman an, sa pi bon toujou."

E majorite abitid m rive devlope yo, se paske m pran an kont ki byen sa ap fè m, ki rekonpans sa ap pote ban mwen.

Pa egzanp, lè m te lekòl, m te pran abitid leve epi soti bonè paske non sèlman sa t ap fè moun pa ka pale mal avè m si m an reta, men m pa t ap rate ankenn pati enpòtan nan yon kou. Rekonpans prensipal m te jwenn nan leve epi soti bonè chak maten, se konnen ke moun pa ka manke m respè epi fè m obsèvasyon.

Enpòtans rekonpans ak woutin

Pou ou devlope yon abitid, fòk ou klè sou pou kisa ou vle devlope li, fòk ou konn ki rekonpans sa ap pote pou ou, e rekonpans sa dwe vrèman enpòtan pou ou. Paske si se yon bagay ou ap fè paske ou wè lòt moun fè l, oubyen paske se sa yo di ou dwe fè, ou p ap rive konsistan ase pou ou fè sa tounen yon abitid.

E se pa sèlman rekonpans lan ki enpòtan. Woutin lan enpòtan tou ! Paske gen woutin oubyen konpòtman ki mache pou lòt moun, ki fèt pou yo men ki pa fèt pou ou.

Anplis, li trè posib ke ou fin byen chwazi yon abitid pou ou devlope, epi ou wè ou gen difikilte pou kenbe woutin ou te fin chwazi a. Petèt ke w ap pase plizyè woutin anvan ou jwenn youn ki ale avè w e ki ede w jwenn rekonpans ou vle an.

Konklizyon

Abitid pran tan pou yo konstwi. Sa mande pasyans, motivasyon ak yon bon ti kantite kouraj (ak sakrifis).

Se a travè repetisyon w ap rive devlope yon abitid, e "mindset" ou pral devlope pou chak abitid enpòtan anpil. Gen de jou kote ou ka retonbe nan move abitid ou yo, oubyen ou pa ka fè efò pou fè sa ou konnen ou dwe fè yo.

Lè konsa, fòk ou ka raple tèt ou pou kisa ou ap fè sa ou ap fè yo, fòk ou fè sèvo ou sonje ki rekonpans ki ap tann ou alafen. Men sitou, sa ou bezwen, se plis rezilyans.

Pa twò di ak tèt ou lè ou pa rive kenbe malgre efò ou yo. Paske... ou ka pèdi yon batay, men ou pa pèdi gè a. W ap rive kontinye pita.