Sa gen anviwon 6 lane, m te remake ke ase souvan m konn al kèk kote e m pa santi m byen nan po m. M te idantifye sa kòm yon mank konfyans nan tèt mwen nan dòmèn aparans fizik, e pou m te chanje sa m te aprann gen plis panse pozitif sou kò mwen.

Men anplis de sa, gen kèk jès byen senp ke m te vin kòmanse fè, e piti piti, m te remake ke sa te opere chanjman lakay mwen.

Depi lè sa, lè m fè jès sa yo, m gen tandans mwens strese paske m wè pa ta gen rezon pou m ap enkyete de opinyon moun sou mwen.

1. Kenbe kò m pwòp

Lapwòpte gen plizyè eleman ki konpoze li. Men depi m konnen m benyen epi bwose dan m, m pa nan ap enkyete m pou yon seri bagay tankou movèz òdè ak tach salte.

Santi m pwòp vle di kèk lòt bagay tou ke moun ka pa fasilman remake tankou :

  • lave cheve m pou l pa bay vye sant,
  • netwaye zòrèy mwen,
  • pa mete souvètman, chosèt ak rad ki sal.

2. Mete rad ki konfòtab e ke m renmen

Si m nan yon anviwònman kote m pa santi m alèz, m ap pi enkonfòtab toujou si m pa renmen jan m abiye a. Se sa ki fè mwen renmen mete rad ki pa sere m, epi m pran plezi abiye m nan yon stil m renmen, menm si m pa parèt alamòd.

Depi m santi m alèz nan rad ki sou mwen yo, depi m renmen jan m abiye a, mwen gen yon ti konfyans anplis nan tèt mwen paske m santi m bèl. E anplis, sa ede m pa bay opinyon moun twòp enpòtans.

3. Gen zong pwòp

Menm si sa ta rive ke zong mwen gen kèk jou yo pa fèt, m fè efò pou m asire ke yo pa gen kras anba yo. Paske si m gentan konnen m ap santi m malalèz si yon moun di m zong mwen sal, solisyon ki pi senp lan se netwaye zong mwen souvan.

Pou mwen, bèl zong pa fòseman vle di al fè zong nan stidyo epi met vèni. Yon bèl zong ka jis senp, men li pwòp.

4. Santi bon

Anplis de deyodoran ki se yon pwodwi endispansab pou mwen, m renmen mete pafen avèk krèm ke m renmen. Sa fè m plezi anpil pou m santi m gen yon sant ke m renmen, e sa fè m souri lè moun fè m konpliman sou sa.

Men tankou (prèske) tout bagay nan vi an, mete twòp pafen a krèm ka vin nwizib paske yo ka bay yon sant ki twò fò e ki deranje moun. Se sa ki fè li enpòtan pou mwen pou m byen chwazi pafen m e pou m pa mete twòp sou mwen !


Gras a jès sa yo, si m rive yon kote e moun ap plede gade m, swa

  • m di tèt mwen ke y ap admire jan m fre ,
  • m santi m pa bezwen ap enkyete m pwiske m konnen m kòrèk, mwen pwòp e m santi bon.

Santi m byen nan po m pa yon travay ki fèt sèlman gras ak pawòl pozitif m ap repete tèt mwen. Jan m pran swen bazik aparans fizik mwen konte tou.