Dejene nan Lanati

Yon dimanch maten, Nick te pwopoze m pou n al pran dejene nou nan lanati. M te tèlman pa t atann mwen a sa ! Sipriz lan te fè m plezi anpil, e m te trè eksite pa ide al manje nan yon kad ki agreyab e ki sou yon mòn.

Rapid vit m t al prepare m pou m ka sòti, e m te fini ak penyen cheve m epi abiye m nan mwens ke 15 minit. Mirak !

Aprè anviwon 1 èdtan, nou te rive nan yon "spot" ki gen yon trè bèl vi. Nou te pake la, e nou te desann machin lan pou n ka kòmanse manje a 8è30.

Yon melanj avwàn, kokoye, frèz ak "chia seeds" ki te pase nwit lan nan frijidè.

Malgre anndan machin lan te friz, deyò a te fè pi frèt toujou. M t ap eseye reziste a fredi an epi kontinye manje deyò a, men m vin tèlman frèt ke m oblije kouri antre nan machin lan. Se kòmsi reyon solèy yo te la pou fè bèl sèlman !

Nick li menm sanble pa t deranje pa fredi an, e li te ret ap manje trankil pandan li t ap apresye spektak lanati an.

M fè foto sa pandan m chita nan machin lan, e Nick pa sispèk anyen.

Nòt komik : èske m se yon move moun si m di m te anvi pouse Nick anba paske li te kanpe yon ti jan pre arebò a ?


Menmsi m pa t twò renmen sa m t ap manje an paske m te santi vant mwen plen rapid, menmsi fredi an te twòp pou mwen pou m rete deyò an, m te kontan anpil pase ti moman sa nan lanati.

M pa t pran san m pou m fè foto, men m panse imaj flou sa se yon reflè de jwa kalm m te genyen gras a dejene nan lanati sa. M swete santi m konsa pi souvan toujou !