Les Lundis de Louse - 4 Rezon Ki Fè Devlopman Pèsonèl Enpòtan

Yon lendi tankou jodi a, nan yon rankont, gen yon moun ki mande m : “Kisa ou poste sou Instagram ? Ban m yon bon rezon pou m swiv ou.”

M te ezite avan m reponn paske … m sonje sa gen 3 mwa m pa poste Les Lundis de Louse. Men bon, m vin sonje ke yon poz pa vle di tout bagay fini, epi m fe yon ti rezime pou li sou kijan m kreye kontni sou devlopman pèsonèl.

M te remake konfizyon lakay li pandan m t ap pale a, e li konfime m sa lè li di : “Poukisa se devlopman pèsonèl ou chwazi ? Ou pa panse ou t ap popilè pi vit ak yon lot sijè ?”

Premye kesyon an vrèman bèl !Li te ede m reyalize ke plizye moun m konnen pa rive enterese yo ak devlopman pèsonèl paske yo gen enpresyon ke se yon anak, ke se yon fason pou vann moun rèv.

Pwiske m pa wè l konsa e pou m montre ki kote enterè m pou sijè a sòti, m chwazi pataje 4 rezon ki, daprè eksperyans mwen, fè m panse devlopman pèsonèl enpòtan.

Anvan ou kontinye, ou ka chwazi kontinye li atik lan, oubyen gade video a.

Kisa devlopman pèsonèl ye

Pou n kenbe sa senp, nou ka di ke se yon konbinezon konesans ak teknik pou ede ou devlope pèsonalite ak kapasite ou. Baz devlopman pèsonèl, se ke tout sa ou bezwen anndan ou deja. Depi ou aprann konnen ou epi kondisyone lespri ou jan ou vle a, depi ou devlope abitid ki bon pou ou, li pi fasil pou ou pran lavi ou an men, pou ou viv yon vi ki fè ou plezi.

Chak moun viv epi wè lavi an yon jan, chak gen pwòp verite yo pou yo pataje ak monn lan. Se sa ki fè :

  1. tout moun ki pale sou devlopman pèsonèl p ap foseman pataje menm pwendvi,
  2. gen pwogram ak teknik devlopman pèsonèl ki ka mache pou yon moun, men yo pa mache pou yon lòt.

Gen yon pil ak yon pakèt rezon ki ka jistifye enpòtans devlopman pèsonèl. Chak moun ap gen pwòp rezon pa li, selon eksperyans li fè ak konesans li genyen.

M gen plizyè rezon paske devlopman pèsonèl ede m nan plizye sans, men m ap eseye rezime rezon sa yo an 4 gran rezon.

1. Li ede nou pran swen sante mantal ak fizik nou

Strès, angwas ak anksyete se kèk nan pi gwo ènmi sante mantal nou. E pwiske sante mantal ak fizik nou konekte, lè nou pa byen nan tèt nou, kò nou montre sa.

Gras ak devlopman pèsonèl, gen anpil mwayen nou ka eksplwate pou nou pi byen reyaji nan kèk sitiyasyon, pou nou rive simonte kèk difikilte e pou nou pran swen kò n ak lespri nou. Anplis, pou plizyè moun, devlopman pèsonèl se yon mwayen pou yo rive konekte ak spirityalite yo, pou yo pran swen nanm yo.

2. Li pèmèt nou gen kontwol sou lè gen chanjman

Chanjman ka prezante nan nenpòt pati nan lavi nou. Li ka pwodwi nan konpòtman nou, nan lòt moun, nan relasyon nou yo; ankenn domèn pa epanye.

Gen konesans lè nou genyen yo, nou chanje pespektiv sou kèk sitiyasyon, nou aprann aksepte sa nou pa ka chanje, e nou gen konsyans ke gen aksyon nou ka poze pou nou chanje kèk bagay tou.

Nou vin pa annik sibi chanjman an, nou kontwole l. E menm si nou pa ta rive kontwole li, omwen nou ka gen kontwòl sou jan nou pral reyaji fas a chanjman.

3. Li pèmèt nou amelyore relasyon nou

Tout moun gen relasyon nan vi yo. Ni ak lòt moun, ni ak tèt yo. E se enteraksyon nou genyen nan chak relasyon nou yo ki konstitiye lavi nou.

Devlopman pèsonèl aprann nou amelyore relasyon nou yo nan sans ke li ede nou konprann moun pi byen, li ede nou vin yon pi bon moun pou nou ak moun ki antoure nou yo, epi tou li kontribiye a ede nou atire pi bon moun.

E kòm lavi nou se yon reflè de relasyon nou yo, plis relasyon nou yo pi bon, plis nou santi lavi nou pi bon.

4. Li ede nou eksplwate potansyèl nou

Katriyèm rezon sa, m ka di se pati prefere m nan lè m te chwazi devlope tèt mwen. Nan aprann konnen m, m te rive detèmine sa m anvi fè ak jan m vle ye. Aprè sa, m te idantifye feblès ak fès mwen yo, e chak jou nan lavi m, m eseye fè efò travay sou yo pou m ka mennen yon vi ki satisfè m.

M wè anpil moun rate yon pakèt opotinite  paske yo manke konfyans nan tèt yo, paske yo pa gen disiplin, oswa yo pa konn sa yo ka fè ak sa yo vle vre. Sa rive m tou, kèk fwa...

Erezman, pratike devlopman pèsonèl, se yon fason pou nou pran lavi nou an men, pou nou konstwi vi nou vle a.

Konklizyon

Devlopman pèsonèl plis ke yon sijè alamòd. Li se yon bezwen ke chak moun genyen lakay yo, menm si bezwen sa pa manifeste a menm entansite a kay tout moun.

Gen plizye sous yon moun ka konsilte pou li aprann sou devlopman pèsonèl. Pandan 5-6 dènye ane sa yo, plis sante mantal moun yo ap deteryore, plis yo ap enterese yo a kontni ki aprann yo kijan pou yo devlope tèt yo.

Lontan, se te sitou atravè liv nou te konn jwenn enfomasyon sou sijè a, men jodi a ak entènèt, anpil enfomasyon disponib. Daye, si pa t’ gen entènèt, petèt ou pa t ap li atik sa !

Chache sous, triye, chwazi kèk, epi aprann. Eseye teknik ou santi ki atire ou yo. E si gen kèk bagay ki pa mache pou ou, pa dekouraje. Petèt ke ou dwe pran pasyans, petèt ke ou dwe eseye lòt bagay.

Pa bliye : devlopman pèsonèl gen enpòtans li, e li se yon zouti k ap ede ou amelyore lavi ou.