Kont Pwokrastinasyon - Evite Kèk Distraksyon

Youn nan bagay ki ka koze pwokrastinasyon, se distraksyon. Distraksyon toupatou, yo se tout sa ki detounen atansyon n de yon bagay nou sipoze fokis sou li.

Distraksyon trè fasil pou jwenn. Yo fè pati lavi an, e yo pa ni yon bon, ni yon move bagay. Dayè, gen anpil nan yo ke nou itilize pou nou detann nou.

Men distraksyon bon pou nou lè yo gen pwòp tan pa yo, e yo ka vin yon pwoblèm lè yo vle pran atansyon nou pandan ke nou fokis.

Si ou prefere gade yon video olye ou li atik la, ou ka ale sou chèn YouTube mwen an pito. Klike sou imaj ki anba la a.

Lyen ant distraksyon ak pwokrastinasyon

Si nou distrè pandan n te sipoze fokis, nou vin ap pwokrastine e n ap "pèdi tan".

Nou ka vin tèlman pran plezi nan distraksyon an ke nou bliye tach nou an. E menm si nou te di tèt nou se pou kèk minit sèlman n ap jwi de distraksyon an, se gade n ka gade nou wè nou pase yon bon pati nan tan n ladan.

Erezman, menmsi nou pa ka anpeche n jwenn distraksyon, nou ka kontwole tèt nou pou nou pa al bay kèk distraksyon tan nou lè nou sipoze fokis.

Anvan m kontinye, m dwe di ke ide an pa “retire tout distraksyon nan lavi an”. Nou bezwen kèk distraksyon nan lavi nou pou nou santi nou byen, e jan m te mansyone li nan video Pomodoro an, m p ap chache pwodiktif pandan tout yon jounen.

Men m panse ke si yon moun evite distraksyon pandan yon pati nan jounen an kote li deside rete fokis, li bay tèt li opòtinite pou li avanse kòmsadwa sou tach li yo.

Distraksyon ekstèn ak distraksyon entèn

Gen 2 tip distraksyon m konn jwenn : distraksyon entèn ak distraksyon ekstèn.

Distraksyon entèn mwen yo manifeste sou fòm panse ki elwanye lespri m de sa m ta sipoze ap fè, e yo ralanti m.

Pa egzanp, pafwa m konn ap imajine jan sa pral ye lè m fini ak tach mwen an olye m travay sou li - kòm si tach lan t ap annik fèt poukò l. Pafwa tou m konn ap panse a kèk bagay ki pa gen anyen pou wè a tach mwen an, e m pa ka konsantre sou sa m ap fè an.

Distraksyon entèn mwen yo konn sòti tou nan lefèt ke m manke konfyans nan tèt mwen pou sa m ap fè a, m ap strese paske m ap mande m si ka fè l byen, si sa m ap fè an ap itil lòt moun.

Disktrasyon ekstèn mwen yo yo menm, se sa mwen pèsevwa avèk 5 sans mwen yo. Moun nan antouraj mwen, aparèy elektwonik, objè ki nan anviwònman m, ak yon pakèt lòt bagay ankò.

Tip distraksyon ki parèt pi fasil pou jere an, se distraksyon ekstèn yo. Paske m ka elwanye m de sous distraksyon sa yo, alòske pou distraksyon entèn yo m dwe fè yon travay sou lespri m pou m ka disipline panse m yo epi anpeche yo vagabonde.

Men erezman, distraksyon entèn yo konn pwovoke pa distraksyon ekstèn, e si m elimine distraksyon ekstèn lan, m ka diminye chans pou distraksyon entèn lan pwodwi.

Pa egzanp, panse san rete a sa yon moun te di m, se yon distraksyon entèn. Men si m pa t al nan pale avèk moun sa oubyen li mesaj li pandan m fokis (sa ki se yon distraksyon ekstèn), distraksyon entèn sa te ka pa jwenn eleman deklanchè.

Kijan ou ka konn ki distraksyon pou w evite ?

Se vre ke m p ap ka elimine tout distraksyon, men sa pa vle di m dwe kite nenpòt distraksyon kontwole tan m.

Pou m te ka motive a evite distraksyon pi komen m yo, m t al chache konprann ki distraksyon ki esansyèl pou m evite, e poukisa m dwe evite yo. Ou ka eseye fè menm bagay la :

1. Pran yon tan pou ou reflechi

Li ka yon jounen, yon demi jounen, kèk èdtan. Panse a objektif ou yo. Kisa w vle fè ? Kijan w vle lavi w ye ? Kisa ki priyorite w nan moman an ?

Pran lis objektif ou, gade yo. Si ou pot ko fè lis objektif ou, fè l. Gen yon Les Lundis de Louse m te fè ki rele “Fè Lis Objektif Ou”, petèt ke li ka ede ou fè sa.

2. Idantifye distraksyon ou yo

Poze tèt ou kesyon tankou : kisa w dwe fè pou atenn objektif ou yo ? Kisa ki nan lavi w nan moman an ki ka anpeche w reyalize objektif ou yo ? Repons a dènye kesyon sa, li reprezante distraksyon w yo.

Gendwa se moun ak abitid ki distraksyon an. Moun ki ap anpeche w konsantre sou objektif ou, moun ki poko sou avanse ak lavi yo e ki ap ankouraje w fè menm jan avèk yo, abitid ki ap fè ou pèdi tan w e ki ap fatige w.

3. Konprann danje distraksyon sa yo reprezante

Tout sa ou mete nan lis distraksyon ou yo, ou dwe konprann poukisa yo se distraksyon, e ou dwe klè sou lefèt ke ba yo twòp plas nan lavi w ka ralanti w sou wout ou.

Non sèlman ou dwe pran mezi pou evite yo, men chak lè ou wè yo tante ou, olye ou abandone sa ou ap fè an, ou dwe mande tèt ou : "Èske sikonbe a distraksyon sa olye m fokis ap rapwoche m de moun mwen vle ye a ?"

Kijan m evite distraksyon ekstèn ?

Gen 4 prensipal sous distraksyon ekstèn m te idantifye kòm eleman ki ka kraze fokis mwen fasil :

  1. telefòn (akoz rezo sosyo, mesaj m resevwa, atik sou sit entènèt) : swa m annik pran telefòn lan pou m al tchyeke bagay sa yo, swa m resevwa notifikasyon epi m tèlman santi m enterese a sa m resevwa a ke m vle al gade touswit.
  2. moun nan antouraj mwen : swa paske y ap pale avè m pandan m okipe, swa paske sa y ap fè pandan yo bò kote m lan anpeche m konsantre.
  3. anviwònman travay mwen : si kote a andezòd, si li gen twòp eleman k ap atire atansyon m, sa deranje m.
  4. son ki antoure m (bri, mizik ki twò fò, moun k ap pale anpil oubyen ki ap ri fò)

Pou yo chak, m aprann pote plizyè solisyon, e nivo efikasite chak solisyon souvan depann de kijan m santi m nan moman an, de a ki nivo m anvi fokis. Men kèk nan solisyon m yo pou eleman sa yo :

Telefòn

  • dezaktive notifikasyon : pa gen son ki ap fèt, ekran m pa limen, donk sa redwi tantasyon pou m al gade kiyès ki ekri m, kisa yo di m, ki kòmantè yo fè. Sa ede m pa tonbe nan pyèj kote m di se yon ti gade rapid vit m pral fè, epi m pèdi nan telefòn lan aprè yon moman.
  • etabli yon lè spesifik pou m aksede a rezo sesyo ak jwèt : pa egzanp, m chwazi itilize Instagram 2 fwa nan jounen an sèlman. Si anvi al sou li anvan 2 fwa sa yo ta monte, m ka toujou eseye raple tèt mwen ke lè distraksyon an gen pou l rive, men annatandan m dwe fokis.
  • mete telefòn lan sou mòd avyon : si m ka pèmèt mwen fè sa m fè l paske konsa, pa gen resevwa apèl oswa sms, moun pa ka vin deranje m pa mwayen sa.
  • elwanye telefòn lan : m bay yon moun bò kote m kenbe l pou mwen, e m mande l pou li pa remèt mwen li toutotan m poko fini avèk tach mwen an. Oubyen si m pa gen moun, m mete telefon lan nan yon lot pyès, oswa m retire li anba je m.

Sa ki enteresan avèk distraksyon aparèy elektwonik, se ke menmsi okòmansman li ka difisil pou reziste a tantasyon an, depi ou vin pran abitid itilize yo mwens, ti kal pa ti kal ou kòmanse pa twò enterese w a konn kisa k ap pase nan telefòn lan.

Moun ak bri nan antouraj mwen

  • fè moun ki antoure m yo konnen m ap chache fokis sou yon bagay, e m mande yo pou yo pa deranje m pandan yon kantite tan spesifik.
  • itilize kas, mete mizik ki pa anpeche m fokis, oubyen m mete son senp ki pou ede m konsantre si anviwònman an gen anpil bri.
  • mete tach ki pi enpòtan m yo pandan yon lè nan jounen an kote gen mwens mouvman kote m ye an.

Espas travay

  • chanje l, si m kapab : gendwa se chanje pyès oswa al yon lòt kote, gendwa tou se chanje plas pandan m rete nan menm pyès lan. Pa egzanp, m renmen lè espas travay mwen nan yon kote ki byen eklere, donk m toujou chache jwenn yon plas ki reponn a kritè sa.
  • pèsonalize espas travay mwen an : sa ka vle di pa kite pil liv ak papye bò kote m lè m fokis. Sa ka vle di tou chwazi yon espas travay m renmen, kote m santi m motive pou m avanse sou tach mwen yo, epi fè efò pou m ranje l, pa kite li andezòd.

Jès sa yo ka parèt twò senp oubyen twò difisil, men yo vrèman ede m evite kèk distraksyon lè m dwe fokis.

Konklizyon

Yon sous distraksyon tankou rezo sosyo, sa ka pran tan pou elimine si li te gentan vin yon abitid. Si ou te gentan abitye konsilte mesaj ou chak maten lè ou fèk leve, al gad kisa ki gen de nouvo sou rezo sosyo pandan ou kouche nan kabann toujou, al gade video pandan ou santi ou raz, li ka difisil pou ou rete lwen telefòn ou.

Avèk bon volonte epi disiplin ak pratik, ou ka rive rete lwen telefòn ou pandan kèk tan, men ou dwe konnen ke ou p ap abandone abitid sa nan yon sèl jou. Gen pasyans, epi chache ranplase plezi distraksyon sa yo te ba ou pa yon lòt abitid.

(Klike la pou w al li yon atik sou chanje abitid)

Petèt ke ou ta dwe eseye meditasyon, fè ti mache, li liv, tande yon "podcast". Chache jiskaske ou jwenn yon bagay ki ranplase itilizasyon telefòn ou an, e ou ap vin detache w de telefòn lan.

Se plizoumwen menm chema a pou pifò distraksyon m konnen yo. Yo ka difisil pou elimine lè ou fèk ap kòmanse, men avèk pratik, evite yo ap vin yon abitid e sa ap pi fasil.

Sonje : objektif lan se pa chache elimine distraksyon nan lavi an, se eseye elimine pouvwa yo sou nou pandan kantite tan nou mete pou nou rete pwodiktif lan, yon fason pou nou konbat pwokrastinasyon.