Gen yon santiman ki pèmèt nou rekonèt ke gen bon bagay nan lavi nou. Santiman sa, li rele gratitid.

Souvan, lè y ap pale de fason nou ka devlope yon atitid pozitiv nan lavi nou, yo pwopoze n pou n pran abitid eksprime gratitid. Men se pa yon egzesis ki fasil pou tout moun paske pafwa, nou konn panse ke pran abitid pratike gratitid se yon bagay ki oblije konplike.

Pa fòseman ! E se paske m kwè ke gen plizyè fason pou yon moun enplante gratitid nan lavi l ke m vin pataje avèk ou 3 fason senp ke m konn eksprime gratitid mwen.

Si ou prefere gade yon video olye ou li atik la, ou ka ale sou chèn YouTube mwen an pito. Klike sou imaj ki anba la a.

Enpòtans gratitid

M souvan eksprime gratitid, e se youn nan prensipal faktè ki ede m rete pozitif epi optimis.

M panse pratike gratitid fè nou santi nou byen paske pou nou di mèsi, sa souvan mande pou nou raple nou de sa moun te fè pou nou. E pwiske souvni ki pwovoke gratitid lakay nou yo fè nou plezi, nan di mèsi nou santi nou byen paske nou sonje bon bagay ki te fèt pou nou yo.

Gratitid ka enplike ke bon bagay ki gen nan lavi nou yo genyen yon sous ki an deyò de nou menm. Ou ka eksprime gratitid pou lòt moun, pou tèt ou (si ou fè yon ti detachman avèk ou menm) e menm pou kèk evènman.

Eksprime gratitid pa oblije gen yon lè spesifik pou li fèt, li ka fèt nenpot lè. Dayè, pafwa, lè m nan yon sitiyasyon kote m pa kontan, gen gratitid konn fè m santi m byen.

Men kèk fason m pratike gratitid, e m pataje yo paske m espere yo ka enspire w. Itilize yo jan ou vle, nan fason ki pi bon pou ou an.

1. Pran konsyans de jan kò m itil mwen, epi di mèsi pou sa

Kò m rann mwen anpil sèvis. Se gras ak kò m ke m gen kontak avèk mond eksteryè a, se li ki pèmet mwen wè, mache, pran sant, pale, tande.

Kò m se mwayen ki pèmèt mwen entèraji avèk bagay epi moun ki pwovoke kè kontan ak byennèt lakay mwen. Poutèt sa, chaje rezon pou m santi m rekonesan pou tout sa kò m fè pou mwen !

Si ou kwè nan Bondye, ou ka di li mèsi pou kò w. E si ou pa kwayan, ou ka santi li biza pou ou ap pale avek kò w, men... pa bliye ke kò w se yon pati nan ou, li se yon pwolonjman de ou. Kidonk, di kò ou mèsi, se di tèt ou mèsi ankò !

Daprè eksperyans mwen nan di kò m mèsi, m remake ke sa ede m amelyore relasyon m avek kò m, m devlope yon ti lanmou an plis pou li paske m konnen li plis ke aparans fizik mwen wè a. E anplis ke eksprime gratitid pou kò m fè m santi m byen sur le moment, m gen enpresyon sa ede kò m fonksyone pi byen paske li jwenn ankourajman nan men m.

2. Panse ak bon bagay ki genyen nan lavi m nan moman an

Mwen kwè ke tout kote yon moun ye nan lavi an jodi a se rezilta :

  • desizyon li te pran,
  • desizyon lòt moun te pran pou li,
  • bon ak move eksperyans li te fè.

Gen de desizyon m te pran, gen de eksperyans m te viv ki te parèt tankou yon erè oswa pi move bagay ki te ka rive m lè m te viv yo a. Men jounen jodi an, lè m ap gade dèyè, m reyalize ke si se pa t desizyon ak eksperyans sa yo, m te ka pa kote m ye jodi an. M rann mwen kont ke ni bon, ni move bagay yo kontribiye nan fè m moun mwen ye jodi an e nan mete m kote m ye an.

Se sa ki fè menm si m pa ta konfòtab kote m ye a, m gen rekonesans paske m konnen ke :

  1. sa te ka pi mal,
  2. gen posiblite toujou pou m amelyore sitiyasyon an paske lavi pa fini.

Kidonk, menm si lavi an ta poko bèl jan m swete li an, m eksprime gratitid mwen bay lavi paske m kontan m pa kote m te ye yè a, paske m konnen demen m ka rive yon kote ki pi bon pou mwen.

E poutèt sa, m renmen di mèsi pou leson lavi an aprann mwen, pou eksperyans m fè ki ouvè je m, pou bagay ki mache ak sa k pa t mache yo, paske tout sa yo patisipe nan fè m moun mwen ye jodi an, yo jwe wòl pa yo nan louvri je m sou moun mwen vle ye demen an.

3. Remèsye prezans moun ki nan lavi m yo

Lè nou gen moun ki bon pou nou nan lavi a, nou konn gen tandans pran yo pou acquis. Nou bliye ke moun sa yo te ka pa t janm la, nou bliye ke yon jou yo ka pa la ankò, e nou konpòte nou kòm si y ap toujou la pou nou, kòm si prezans yo pa t pi enpòtan pase sa.

Poutan, prezans yo konn ti sèl ki amelyore lavi nou an. Yo ban nou èd, lanmou ak sipò, e yo se repons ak kèk bezwen emosyonèl ke nou genyen antan ke moun. Konbyen fwa nou te santi kè n pa kontan epi, aprè nou fin wè oswa pale avèk yon moun ki konte pou nou, nou santi n pi byen ?

A koz tout byen kèk moun nan lavi nou fè nou, m panse yo merite ke pafwa nou fè yo santi ke nou apresye genyen yo nan lavi nou, yo merite pou nou di yo mèsi pou sa yo reprezante pou nou.

Lè m pa twò alèz pou m souvan di sa m santi, m konn eksprime gratitid mwen nan kè m, san m pa ap plede di moun sa yo jan yo konte pou mwen. M panse a ki limyè yo pote nan lavi m, m panse a kèk sitiyasyon kote prezans yo te fè m anpil byen, epi nan kè m, m di mèsi paske m gen moun sa yo.

Konklizyon

Menm jan avèk tout bon abitid, eksprime gratitid ap ka vin yon bagay natirèl epi efikas pou ou si ou pratike l e si ou kwè nan rezilta li ka pote.

Gen plizyè fason pou eksprime gratitid, e m espere ke an plis de sa m site la yo, ou pral reflechi oswa fè rechèch pou ou ka jwenn lòt fason pou ou eksprime gratitid ou.