Enpòtans Poz

M sot pase plis ke 3 semèn san m pa poste anyen, san m pa monte sou rezo sosyo.

Si ou gen yon ti tan depi ou ap swiv mwen sou Instagram, absans sa ka pa t twò etone w paske ou ka fin abitye avèk jan detanzantan, mwen renmen pran poz.

Rezon ki fè m pran poz yo souvan varye. Men tout rezon sa yo gen an komen yon sousi pou m jere sante mantal mwen e pou m kenbe yon balans ant vi pèsonèl/reyèl mwen avèk vi vityèl mwen.

M twouve se yon bagay ki trè nomal, men m konn jwenn kèk moun ki ap felisite m paske m gen "kouraj" pou m pran poz lè m santi m bezwen sa. Poutan, se pa pi spesyal m pi spesyal ke lòt moun ki pa fè sa yo !

M plis kwè ke malerezman, yo aprann nou wè poz kòm yon siy feblès, kòm yon aksyon ki ka ralanti nou nan pwogrè nou vle fè nan lavi an. E se pou m ankouraje w abandone ide sa ke m vin pataje avèk ou ki enpòtans m panse poz genyen.

Si ou prefere gade yon video olye ou li atik la, ou ka ale sou chèn YouTube mwen an pito. Klike sou imaj ki anba la a.

Poukisa m pran poz?

An jeneral, m pran poz pou plizyè rezon :

  • paske m dwe fokis sou kèk lòt domèn nan lavi m,
  • paske m strese,
  • paske m pase twòp tan sou rezo sosyo oswa nan lòt domèn,
  • paske m santi m pa amize m ase,
  • paske m fatige oswa m pa byen,
  • e lis lan kontinye toujou.

Atik jodi an baze sou poz m konn pran sou rezo sosyo, men rezo sosyo pa sèl domèn kote ou ka pran poz. Nenpòt sa ou ap evolye ladan an, ou ka rive yon moman kote ou santi li nesesè pou ou pran yon poz.

Pou mwen, pran yon poz vle di kanpe pandan yon peryòd sou kèk aktivite m konn ap fè, epi repoze m, fè lot aktivite. M panse ke ide ki dèyè yon poz, se kite pati nan sèvo oswa nan kò a ki konn fè kèk aktivite repoze, epi stimile kèk lòt zòn nan fè lòt tip aktivite.

Dènye poz mwen an

Pou m pale de dènye poz mwen an, m dwe di ke sa fe kèk tan m te anvi pran yon poz.

Anvi sa te la paske pe enpòt a ki pwen m ka twouve rezo sosyo enteresan, m gen enpresyon ke aprè yon moman, yo fatige m. Sa fatige m pou m reponn anpil mesaj chak jou, e m te remake ke pandan mwa fevriye an, m te souvan gen tandans al scroll sou rezo sosyo alòske se pa t vrèman sa m te anvi fè.

Men malgre m te gen anvi an, m pa t janm ko pran poz la paske m te vle fini avèk seri video sou pwokrastinasyon an. Kou m te fini avèk seri an, plizyè bagay te mete an plas pou ankouraje m pran poz lan. Pa egzanp :

  • m te chanje anviwònman e m te dwe adapte m avèk sa epi eseye transfome li an lakay mwen,
  • gen kèk evènman ki te mande m fokis sou vi pwofesyonèl ak pèsonèl mwen.

Se konsa ke yon jou maten m te leve, m te pran telefn mwen epi m te dekonekte m sou Instagram, aprè sa m te efase aplikasyon an sou telefòn mwen. Nan jou aprè yo, m te renmen jan m santi m lib lan :

  • m pa t gen Les Lundis de Louse oswa lòt video pou m prepare oswa filme,
  • m pa t gen anpil mesaj pou m voye oswa reponn,
  • e sitou, m te pran plezi itilize nouvo tan lib m te gen nan men m lan pou m fè kèk nouvo bagay ki fè kè m kontan, e pou m bay plis tan a lòt pwojè ki enpotan pou mwen.

Byennantandi, te gen jou kote m te trè anvi ale sou Instagram. M panse ke sa nòmal paske rezo sosyo enteresan e yo gen plizyè bon kote ki atire nou. Men erezman pou poz mwen an, m te rive kenbe epi al fè lòt bagay.

Enpak poz sou rezo sosyo m yo

Paske m gen tandans pran poz ase souvan, gen moun ki konn ap di m ke si m te pi konsistan sou rezo sosyo, si m pa t souvan ap pran poz, kont mwen an te ka pi lwen toujou.

Petèt ke moun sa yo gen rezon, petèt ke m te ka bati yon relasyon ki pi solid avèk moun k ap swiv mwen yo, petèt ke m t ap gen plis abone si m te aktif pi souvan.

Men tankou tout bagay nan lavi an, m panse li enpòtan pou yon moun eseye fè balans. Paske menm si m swete wè kont mwen yo grandi, sa pa pi enpòtan ke sante mantal mwen.

Dayè, si m santi sante mantal mwen pa ok e ke m ap fòse pwodwi kontni :

  • swa kalite kontni m yo ap diminye,
  • swa kalite an ap parèt pa chanje men m ap bay tèt mwen manti e m ap pran pòz ke tout bagay anfom,
  • swa m ap krake aprè yon moman paske m pa t janm pran repo m te remake m bezwen an.

Poz chak moun ka diferan

Dènye poz mwen an te dire plis ke 3 semèn, e li te mande m pou m efase kèk aplikasyon sou telefòn mwen. Sa, se sa mwen te bezwen nan moman an.

Men pran yon poz p ap gen menm siyifikasyon, menm longè ak menm stil pou tout moun. Gen moun ki bezwen 2 ou 3 jou sèlman alòske gen lòt ki ap bezwen 2 ou 3 semèn. Gen moun ki ap pran poz yo an pou repoze yo alòske gen de lot ki ap lanse yo nan nouvo pwojè… chak moun adapte poz yo a bezwen yo e a stil de vi yo.

Men yon bagay tout stil poz ka genyen an komen, se ke yo ka chaje avantaj pou moun ki pran yo lè sa nesesè.

Kèk avantaj m jwenn nan pran poz sou aktivite abityèl mwen yo

  • m ka repran enèji, repoze m epi domi plis,
  • m diminye nivo strès mwen,
  • m jwenn tan pou m fè kèk bagay ki te enterese m men ke m pa t janm fè (oswa pa t fè ase) paske m pa t gen ase tan,
  • m ka fè yon rekil pou m gad sa m konn fè yo, epi gad kijan m ka amelyore yo, sa ki ka ogmante pwodiktivite m,
  • m ka pase tan ak moun ki konte pou mwen yo oubyen ak tèt mwen,
  • pran poz lè m santi m bezwen sa ka pèmèt mwen evite burnout, pwiske m pa tann se lè ka a grav pou m al repoze m,
  • kreyativite m ka ogmante, m jwenn yon pakèt nouvo ide pwiske nan plizye aktivite inabityèl m ap fè yo, m ka jwenn enspirasyon.

Kèk enkonvenyan pran poz genyen

Byennantandi, gen kèk enkonvenyan yon moun ka jwenn nan pran poz, men m panse ke konpare ak avantaj yo, enkovenyan sa yo pa fè "le poids". Tankou :

  • sa ka ralanti pwogrè w nan kèk bagay,
  • yon poz ki twò long ka ba w enpresyon ke w ap pwokrastine.

Adapte poz ou yo a lavi w

A koz enkonvenyan sa yo, m panse ke sa ki enpotan lè yon moun ap pran poz, se chache yon balans. Pa plede pran poz ki long si ou santi yo ap met afè w an danje, men pa ezite pran poz si ou santi sa nesesè, menm si poz lan e kout li ka kout.

Dayè, pran poz, sa pa bezwen yon bagay ki long. Si ou santi ou twò okipe pou ou pran poz long souvan, ou ka pran poz kout lè ou santi ou bezwen sa. Si ou santi ou pa ka pran semèn oswa pliszyè jou poz, ou ka pran yon jounen, yon demi jounen oswa kèk èdtan.

Kantite tan poz varye pou chak moun. Men sa ki enpòtan, se ke ou elwanye lespri w ak atansyon w de sa ou konn fè nan kad travay ak etid ou e ki mete strès oswa presyon sou ou.

Konklizyon

Gen moun ki pa renmen pran poz paske yo panse ke sa vle di yo fèb, oubyen ke moun ap jije sa mal. Bon… m rete kwè ke nou pa wobo, nou bezwen dòmi, nou bezwen repo lè nou malad kidonk, poukisa pran poz ta vle di nou fèb ? Se pa pou anyen ke lè n al lekòl nou pa fè tout jounen an nan klas, nou gen rekreyasyon !

E kanta opinyon lot moun, pe enpòt sa nou fè, ap toujou gen moun ki jije nou byen oubyen mal. Pito nou fè sa nou santi ki pi bon pou sante mantal nou nou fini !

Si pou ou li difisil pou ou wè pran poz kòm yon bagay nomal, ou ka fè yon zanmi akonpanye w nan eksperyans sa. Pran yon zanmi w pou ou al pase yon moman nan yon anbyans ke w renmen e ke ou pa jwenn souvan ap parèt tankou se amize w al amize w, men ofon se yon poz li ap ye paske li ap elwanye w de aksyon ou konn fè abityèlman yo.

Kit se poukò w, kit se an konpayi lòt moun, pran poz jan ou santi ki ap pi bon pou ou an, e lè ou santi ou bezwen l lan.

Sonje, mond lan p ap efondre si ou fè 1 oubyen 2 jou ap repoze w. Men mond enteryè ou ka boulvèse si ou pa janm pran poz alòske ou bezwen sa.