3 dènye ane sa yo, sitiyasyon an konplike pou anpil moun ki ap viv an Ayiti. Sou yon fòm oubyen yon lòt nou afekte pa ensekirite, lavi chè, enstabilite, pwoblèm kouran, rezo ak transpò (pou m site sa yo sèlman).

Petèt menm ke ajoute a pwoblèm komen sa yo, ou menm, ou gen pwoblèm pèsonèl pa w. Gendwa ou pèdi yon moun ki chè pou ou, ou santi ou poukont ou, ou strese nan lavi w, nan travay oubyen etid ou.

E petèt tou ke dènye tan sa yo, malgre tout efò ou fè, ou pa rive kenbe enèji ou abitye genyen an. Petèt ou santi ou pi strese, ou pa ka fè sa ki te byen senp pou ou lontan, epi... ou la men ou pa la. Petèt ke… ou fatige emosyonèlman.

Si ou prefere gade yon video olye ou li atik la, ou ka ale sou chèn YouTube mwen an pito. Klike sou imaj ki anba la.

Kisa Ki Pwovoke Fatig Emosyonèl ?

Fatig emosyonèl sitou koze pa yon nivo strès ak presyon ki twò fò pou nou, oubyen ke nou gen twò lontan ap sibi. Strès ak presyon sa ka sòti nan antouraj nou, men li ka sòti nan lespri nou tou.

Pafwa, paske nou obsève tèt nou ase pou nou konnen sa k ap pase nan nou, nou konn rive idantifye kisa ki ap fatige nou emosyonèlman an. Men pafwa tou, nou pa menm konn kisa ki pwovoke fatig sa lakay nou.

Tout moun pa fè eksperyans fatig emosyonèl menm jan. Gen moun, se yon evènman, yon sitiyasyon ki annik pwovoke sa lakay li. Gen lòt moun, se akimile sa akimile anndan li avèk letan.

Se youn nan rezon ki fè nou pa ta dwe ap di moun “Oh, kot ti sa ki rive la pou ou kite ou afekte nan nivo sa? Sois fort, ressaisis-toi !".

Ou pa konn depi kilè moun lan ap konbat oubyen sibi sous fatig emosyonèl li a. Sa ou rele "ti sa", gendwa se dènye gout dlo ki fè gode a ranvèse.

Paske se wè ou wè moun, ou pa konn sa l ap viv. Anplis, pa gen kesyon de ti sa ! Nou pa menm moun, nou pa sipòte tout bagay menm jan, pa gen kesyon de pwoblèm ou pi gwo ke pwoblèm pa m.

Kijan ou ka konnen ke ou fatige emosyonèlman ?

M gen enpresyon ke m diplome nan fatig emosyonèl, tèlman sa rive m, dènye tan sa yo. Okòmansman, sa te deranje m, men aprèsa m vin konprann ke se pa fèb sa vle di m fèb.  M tou senpleman sansib a yon pakèt bagay, e sèvo m jis ap reyaji a stimilasyon li jwenn yo.

Gen kèk sentom mwen souvan genyen lè mwen fatige emosyonèlman :

  • m pa anvi leve nan kabann,
  • m manke motivasyon ak enèji,
  • mwen pa ka kontwole emosyon m yo (m fache fasil, m tris rapid),
  • m santi m dekonekte avèk rès mond lan,
  • m toujou santi m fatige (menm si m parèt pa fè anyen),
  • m aji tankou yon otomat, yon wobo, lespri m pa la,
  • m pa santi anyen enterese m,
  • m gen difikilte pou m rive konsantre,
  • m pa ka fè fas ak kèk challenge m te konn jere avan.

M pa doute ke gen lòt sentom toujou, men si ou rekonèt ou nan youn nan sa m sot site yo, gen anpil chans ke ou fatige emosyonèlman.

Kijan ou ka jere fatig emosyonèl ?

A chak fwa m fatige emosyonèlman, m dwe eseye plizyè bagay, m dwe adapte apwòch mwen de sitiyasyon an pou m ka rive jere sa, paske chak fatig emosyonèl diferan. M pa gen yon solisyon inik ki aplikab a tout ka fatig emosyonèl mwen yo, men gen kèk aksyon ki souvan ede m.

Avantou, genyen 2 prensipal etap ke m toujou chache pase :

  • Idantifye sous strès lan (m panse se premye aksyon ki ta dwe fèt nan operasyon “Jere Fatig Emosyonèl” la. Pran yon ti tan pou ou poze tèt ou kesyon, obsève tèt ou, konprann kijan ou santi ou, e kisa ki fè sa.)
  • Elimine sous strès lan -oubyen si sa pa posib, pran yon poz lwen de li- osinon diminye li (paske toutotan ou pa fè sa, ou ap kontinye strese, e petèt ke efò ou yo p ap vrèman fè yon bagay pou ou.)

Aprè sa, kit ou ta rive idantifye sous strès ou an epi diminye enpak li sou ou, kit ou pa ta rive fè sa, gen kèk aksyon ou ka poze ki ka ba ou yon santiman de byennèt, ki ka ede ou sipòte moman difisil sa.

Dòmi ase

Ann di 6-8 èdtan, nan lannwit. Si ou pa ka fè tout tan sa ap dòmi, omwen fè ti syès 30 minit a 1 èdtan pandan jounen an. E si ou ta santi ou gen pwoblèm dòmi lannwit, fòse repoze kò ou, etenn limyè, pa ret nan telefòn, met yon mizik kalm.

Prete atansyon ak sa ki antoure ou

Souvan nou fè sa n ap fè yo pa abitid, nou pa santi sa ki antoure nou yo. Se sa ki fè li bon pou ou pran yon ti poz, epi fokis sou enfòmasyon sans ou yo ap voye ba ou.

Pa egzanp :

  • Pran sant yon manje oubyen yon bwason ou renmen anvan ou goute li,
  • Byen pran gou l lè ou fin mete li nan bouch ou.
  • Soti nan lakou lakay ou a oubyen al fè yon ti mache,
  • Santi reyon solèy la sou ou,
  • Tande ti bri ki antoure w yo,
  • Respire pi pwofondeman,
  • Santi dlo a k ap koule sou ou lè ou ap benyen,
  • Li yon fraz lantman pou ou ka byen savoure mo yo.

Jwenn yon moun pou ou pale

Li ka yon bon zanmi ou, ou menm ankò, oubyen yon terapis (si sa posib pou ou, opsyon sa t ap preferab). Pale de jan ou santi ou ka ede ou wè pi klè nan sitiyasyon an, sa ka ede ou jwenn solisyon oubyen konsèy, oubyen sa ka ede ou santi ou byen tou senpleman.

Pran yon poz

Pran omwen yon jounen oubyen yon wikenn pou ou fè aktivite ki fè ou plezi; gendwa se yon bagay nouvo oubyen ke ou pa fè souvan. Pase tan ak tèt ou nan yon fason ke w renmen, avèk mwens strès ke lòt jou yo.                                                          

Konklizyon  

Lè ou fatige emosyonèlman, ou ka byen vit santi ou prizonye nan pwòp lavi ou, ou ka gen enpresyon ke se sibi ou ap sibi yon sitiyasyon san ou pa gen kontwòl oubyen pouvwa sou sa. Sa ka rive ke ou pa gen ni posiblite, ni motivasyon pou ou chanje sa pou kounya, men ou ka kanmèm eseye pran swen sante mantal ou.

Yon fatig emosyonèl ke ou inyore, ke ou pa jere, sa ka mennen ou a deprim, a depresyon. Li ka difisil, men ou ka pran repo ou bezwen pou ou santi ou pi byen an.

Rekonèt ke ou fatige, pran swen tèt ou.

W ap ka avanse pi byen aprè sa, kontrèman a si ou kontinye fonse a menm ritm lan malgre ou jwenn siyal ke ou pa byen nan moman sa. Pran swen sante mantal ou.