Les Lundis de Louse - Si ou Santi ou pa Konn sa ou vle fè ak Lavi ou, ou pa Poukò w

Si jodi a ou ta mande m a ki nivo m satisfè de lavi m, m panse ke repons mwen an ap depase 8/10. Poutan, sa pa t toujou konsa, e menm nan moman an, sa pa konsa chak jou.

Menm si m souvan ap repete tèt mwen ke m dwe aprann satisfè de tout ti pwogrè m fè yo epi pran pasyans, pafwa m santi m pè rate lavi m.

Ou konn wè lè ou konnen kisa ou pa vle, men ou pa ka rive di klèman kisa ou vle ? Tankou, ou konnen ou pa vle rate lavi ou, men ou pa konn ki sa ou vle fè pou anpeche sa rive ?

Kite m rakonte ou kijan sa konn rive m pou m gen enpresyon ke m pa vrèman konn sa m vle fè ak lavi m.

Si ou prefere gade yon video olye ou kontinye li atik lan, klike sou imaj ki anba la a.

Pandan yon long peryòd, m te gen enpresyon ke m pa t gen plas mwen ankenn kote. Anplis, m pa t rive konnen klèman kisa m t ap fè toutbon alavni.

Kidonk, m t ap avanse je fèmen. Kòm m te dwe avanse, kòm m te dwe al lekòl, m ale, men m pa t ka defini yon objektif ki ale avèk sa m anvi fè vre yo.

Dayè, kijan m t ap ka fè objektif pou yo ? Fanmi ak lekòl mwen t ap ban m presyon pou m swiv yon pakou ki rann yo fyè, pou yo ka di tout moun : “Ah mais Louse André Cadet est “poste prestigieux”, maintenant. On est franchement trop fiers d’elle ! ”

Sof ke… bagay sa yo sipoze m ka fè yo, se pa yo ki enterese m toutbon. Kidonk m te kontinye avèk etid mwen yo, jiskaske m rive nan inivèsite, san anyen pa klè devan m vre.

Kilè pè sa te vin pi fò lakay mwen ?

Pandan m nan inivesitè, nan pale ak lòt jenn, m dekouvri ke anpil nan yo santi yo menm jan avè m. Genyen ki vin lekòl paske yo pa ta ka ret chita lakay yo oubyen paske yo se premye moun nan fanmi yo ki ap fè etid siperyè, genyen ki vin etidye la paske se sa paran yo vle, genyen ki pa menm kwè y ap ka rive avanse nan domèn kote yo ye a vre.

Rive yon moman, m kòmanse di tèt mwen : « Kèt, m ap etidye tèl bagay men, kisa k pral pase aprè ? E si m gen yon vi banal aprè sa ? Kisa ki asire m ke m ap jwenn yon bon job kou m fini ? E si m diplome, m gen yon travay banal, oubyen travay lan paret suuuuper nan je tout moun men se pa sa m vle fè vre ? »

M vin reyalize ke se vre, m ta renmen fini etid mwen, aprè sa m ta renmen travay, m ta renmen alèz finansyèman. Men èske m ap santi m satisfè vre si m atenn objektif sa yo ? E si m pa anvi travay 9è pou 5è ? Dayè, èske se nan domèn sa m anvi evolye vre ?

Ane sa, pè an te vrèman vin fò lakay mwen pandan m te wè tan an ap pase. Se vre ke depi le m piti, m toujou ap repete tèt mwen ke pa gen mwayen pou m rate lavi m, ke tout jan tout jan, m ap reyisi men… pafwa dout ke m genyen an se sou si reyisit sa ap parèt reyisit nan je pa moun, oubyen nan je pa m. Anplis, nan konbyen tan reyisit sa ap vini ?

2 eleman ki plis deklanche pè sa

M gen konsyans ke se pa egzakteman konsa tout moun fè eksperyans pè sa, men m rete kwè ke istwa pa m lan sanble avèk pa anpil moun.

Se sa ki fè pou m te pi byen konprann, m t al poze moun nan antouraj mwen kesyon sou sa. M dekouvri ke lakay yo ak lakay pa m, gen 2 prensipal eleman ki deklanche pè sa :

  1. Wè piblikasyon moun k ap byen pase sou rezo sosyo
  2. Wè moun nan antouraj nou ki ap evolye

Avèk rezo sosyo, nou wè yon pati nan lavi moun yo -yon pati yo chwazi montre nou-, nou wè bèl foto ak video k ap montre bèl eksperyans oubyen ki afiche yon talan, e sa ka ba nou enpresyon ke nou menm n ap pase a kote de sa n ka fè, ke nou p ap viv, oubyen ke vi nou two monotòn.

Poutan, moun sa yo nou ap gade la gen pati nan vi pa yo ki pa satisfè yo tou. Petèt ke yo menm tou yo santi lavi yo manke.

Tou senpleman, yo pa montre nou pè sa yo genyen an, yo kache li. Moun lan montre yon pati nan lavi li, e nou menm nou pran sa kòm yon total imaj, nou konpare tèt nou avèk li, e nou tonbe strese.

Sa rive tou avèk moun nou frekante, moun nou abitye wè. Nou wè moun lan fin etidye, li rantre nan yon bèl pwogram staj oubyen li al kontinye etid li aletranje. Nou wè lòt la kòmanse yon biznis oubyen yon travay ki ap byen mache, e nou gen enpresyon ke nou menm nou p ap reyalize anyen avèk lavi nou.

Nou bliye ke se yon pati nan iceberg lan ke nou wè.

Kijan m rive jere pè sa ?

Ensètitid sou sa m vle fè ak lavi m lan, se ane pase m te resi eseye atake li. M te mande tèt mwen : « Kisa ou anvi ye egzakteman ? Pa di m “gen kè kontan”, “ede moun” oubyen “gen lajan”; eksplike m ».

Apre anpil mizè, m te rive fè yon lis (ke petèt m ap pataje avèk nou, yon jou). E menm si sa te pran tan pou m rive pase alaksyon, jounen jodi a youn nan eleman nan lis lan kòmanse ap reyalize.  

M te deklare ke m vle eksplwate lanmou m pou ekriti, e kounya, apre m fin fè yon tan ap ekri pou lòt moun, m gen blog mwen kote m pral pataje atik chak semèn.

M gen konsyans ke pou yon moun ki ap gade sa ka pa parèt yon big deal, men pou mwen, sa vle di yon pakèt bagay. Tou dousman, fiti m ap parèt pi kle nan je m, e sa m wè a fè m plezi.

Yon bagay ki ede m kalme m lè m santi pè rate lavi m lan ap monte, se sonje ke anpil moun mwen panse ki ap byen pase pa menm konn egzakteman kisa y ap fè. Yo jis ap eseye plizyè bagay jiskaske yo jwenn youn ki plizoumwen ap mache pou yo, jiskaske yo tonbe sou bon fòmil reyisit yo a.

Petèt ke gen moun ki ap gade m e ki imajine ke “m fin rive”, ou ke m klè sou sa m vle fè. Poutan... gad de kisa atik sa a ap pale.

Yon egzèsis ki ka ede ou

Eseye mande tèt ou kisa ou renmen tout bon, kisa ki fè ou santi ou ap viv, ki eksperyans ou ta renmen fè. Repons ou yo pa oblije konfòm a sa sosyete a ap atann de ou !

Poze tèt ou kesyon :

Èske ou prè pou ou kite tout sa ou ap fè kounya, epi swiv sa nanm ou di ou fè a ? Èske ou prè pou ou mete tout prejije ou yo de kote, pou ou abandone etid, travay, relasyon ou yo, epi swiv sa ou santi ki vokasyon ou ?

Si ou santi ke ou ap bloke finansyèman si ou abandone bagay sa yo, pa abandone yo. Men annatandan, eseye pratike sa ou santi ki atire ou yo kòm yon passe-temps, amelyore ou ladan yo.

Ou pa janm konnen ! Yon jou ou ka jwenn posiblite pou kite mòd de vi ki pa fè ou plezi sa dèyè. Lè sa, ou ap pare pou ou swiv sa ki satisfè kè ou yo.

Rapèl

Li nòmal pou gen moman nan vi ou kote ou santi dout nan kè w lè ou ap panse ak sa ou vle fè.

Petèt ke se yon siyal ke ou pa renmen sa ou ap fè yo, ke ou dwe komanse pwojè ou ap plede mete sou kote yo. Petèt ke se siyal ke ou dwe met plis efò nan sa ou ap fè, petèt tou ke se plis pasyans ak lafwa ou dwe genyen.

Antouka, pran pasyans. Nou chak gen ritm nou, e ap toujou gen moun nou wè ki parèt rive anvan nou.

Eseye pa konpare tèt ou ak lòt ki parèt pi byen pase ou, fè yon ti sispann swiv kèk moun sou rezo sosyo si sa nesesè.

Chache konnen sa ki enterese ou toutbon, apresye sa ki nan vi ou kounya, epi... jan ou kapab, fè efo pou ou ka pi sanble ak moun ou vle ye a.