Sa gen kèk mwa, m te jwenn yon kesyonè ki te ede m fè yon ti kontwòl de sante mantal mwen gras a kèk kesyon ki te mande "wi" oswa "non" kòm repons.

Pase kontwòl sante mantal sa souvan raple m ke pafwa, dèyè pa santi nou byen an, se kèk bezwen fizik ak emosyonèl nou genyen ki pa satisfè. Konsa, lè m pa santi m byen e ke m pa klè sou kisa ki lakoz, reponn a kèk kesyon byen senp epi pran aksyon ki nesesè yo konn ede m santi m pi byen.

A mezi ke tan t ap pase, nan itilize kesyonè sila, m te retire oswa ajoute kèk kesyon, yon fason pou m te ka adapte l a bezwen m yo. Pou kounya, m gen 12 kesyon nan kesyonè m lan sèlman; men menm jan m te fè a, ou ka modifye kesyonè a jan w vle.

Si ou prefere gade yon video olye ou li atik la, ou ka ale sou chèn YouTube mwen an pito. Klike sou imaj ki anba la a.

Itilite kesyonè a

M pwopoze w lis sa pou moman kote ou pa anvi al reflechi toutswit sou jan ou santi w, pou lè ou sèlman anvi reponn "wi" oswa "non". Gen kesyon pi apwofondi ki ka ede ou konprann kisa k ap pase w, men kesyon m pwopoze la yo ka ede w pote solisyon ojou le jou a movèz imè ou genyen yo.

Pafwa se pa yon pwoblèm konplike nou genyen ki fè nou santi nou pa byen oswa pa kontan; se kèk aksyon ke nou pa poze.

Menm jan tou, pafwa nou ka gen kèk pwoblèm ki fè nou santi nou mal, e nou amelyore jan nou santi nou an gras a kèk aksyon ke nou poze. Pa egzanp, si nou pa bay kò nou bagay bazik li bezwen tankou repo, manje, dlo ak mouvman, sante mantal nou ka peye sa.

Men kesyon m yo, avèk yon ti eksplikasyon sou prezans kèk nan yo :

  1. M dòmi ase dènye jou sa yo? Paske yon mank somèy ka anpeche m fonksyone byen.
  2. M sòti deyò jodi an ? Prensipalman pou pran solèy, paske yon mank vitamin D ka afekte imè m.
  3. M benyen deja ? Kontak dlo gase oswa dlo cho a sou po m ka non sèlman raple m a la reyalite epi fe kò m reveye oswa relakse, men li ka ban m enpresyon ke m pwòp, sa ki ka gen bon efè sou jan m santi m.
  4. M chanje rad depi lè m leve a ? Retire rad domi sou mwen oubyen chanje rad, tou senpleman, ka fè yon gwo diferans. Mete rad ki pwòp e ki pèmèt kò m respire ka fè po m santi l byen. E si m chwazi yon abiman m renmen, m ka santi m bèl, e santiman sa ka amelyore imè mwen.
  5. M bwe ase dlo pou lè sa nan jounen an ?
  6. M bouje kò m pandan jounen an ? Fè sa ka pwodwi kèk òmòn lakay mwen ki ka fè m santi m byen. Si m gen yon ti moman san m pa bouje, sa ka kreye yon santiman malèz ki ka reflete sou jan m santi m lan.
  7. M ri deja jodi an ? Ri ede m detann mwen, sa fè m santi m byen anpil.
  8. M pale avèk moun ki konte pou mwen jodi an ? Genyen bon kontak ak fanmi oswa zanmi pèmèt mwen asire m ke m reponn a kèk nan bezwen emosyonèl mwen yo. Sa pèmèt mwen konekte ak lòt moun, e m santi m pa poukò m, m santi m jwenn sipò.
  9. M fè yon aktivite m renmen (oswa ki fè kè m kontan) jodi an ?
  10. M tande mizik ki fè m plezi jodi an ?
  11. Espas kote m ap evolye an pwòp ? Paske yon pyès, yon anviwonman ki sal ka rann mwen sonb fasilman.
  12. Eske m manje deja ? Se te yon manje ki bon pou sante m ?

Aprè m fin reponn wi oswa non pou chak kesyon sa yo, m separe wi yo ak non yo, epi m fè yon lis de tout non yo.

Objektif mwen, se fè an sòt ke chak kesyon ki te gen non kòm repons vin gen wi kòm repons. Pou m fè sa, m ka deside ke chak 30 mn oubyen 1èdtan, m ap fè yon non tounen wi.

Konklizyon

Aktivite kesyon sa yo enplike yo ka parèt senp anpil, men yo konn fè yon gwo diferans sou fason m santi m. Sa ka gen menm efè a sou ou tou !

Kidonk, pwochèn fwa ou santi w pa byen oswa pa kontan, fè ti kontwol sante mantal sa, epi transfòme non ou yo an wi. Ou pa janm konnen ! Menm si sa pa rezoud pwoblèm ou yo, sa ka ede w santi w mwen tris, mwens an kolè.