2022 prèske fini, e m gen enpresyon ke se avanyè la m resi klè tout bon vre sou sa m vle fè avèk ane an. Sensèman, se jis an Septanm 2022 ke m te resi kòmanse gen yon objektif ki rezone ak nanm mwen, e ke m fè efò chak jou pou m atenn.

Nou sonje kèk nan objektif mwen yo ke m te pataje avèk nou nan kòmansman ane a ? Pifò nan yo, m te kite yo nan wout. Genyen ke m te abandone paske m chanje epi m pa t gen enterè pou yo ankò. Pou kèk menm, lavi te senpleman fè afè pa l jan l vle, e m te oblije redirije fokis mwen sou lòt bagay.

Sa pa t ap etone m si se pa sèl mwen ki te nan sitiyasyon sa paske fikse objektif epi atenn objektif, se 2 nivo challenge diferan. Men malgre sa, m pa ta anvi ou abandone, oswa panse ke laj ap monte men ou pa janm regle anyen serye a lavi w.

Ban m fè yon ti pale de evolisyon objektif mwen pandan 9 dènyè mwa sa yo, e de kijan malgre m pa t vrèman rann mwen kont de sa toutan, pwosesis lan te an mach, e l merite ke m fè l konfyans.

Si ou prefere gade yon video olye ou li atik la, ou ka ale sou chèn YouTube mwen an pito. Klike sou imaj ki anba la a.

Miz an kontèks

M te gen 4 gwo objektif pou 2022, epi plizyè lòt ti objektif ki te vin kreye pandan jou yo ap pase. Lè m di gwo avèk ti objektif, m vle di "objectifs à long et moyen termes" epi "objectifs à court terme".

Nan 4 gwo objektif yo, m rive atenn 2 sèlman. Wi, kèk moun ka di ke ce n'est pas si mal, men sa te pran m plis tan ke sa m te planifye, e gen anpil lòt objektif aprè sa ke m pa t rive atenn.

Pa atenn objektif mwen yo jan m vle an te pafwa fè m santi ke m la, m ap sibi lavi an, m pa pran inisyativ. Se bagay ki ka kraze moral yon moun wi !

Mwen ak objektif pase m yo

Se jis an Septanm ke m te vrèman santi lavi m ap pran yon lòt direksyon tout bon, e m te santi m au contrôle. Poutan, sa pa vle di se fè m pa t fè ankenn efò pou m avanse jan m vle a pandan 9 premye mwa yo non !

Se tou senpleman ke m pot ko janm ka jwenn rezilta jan m te vle an, paske lè a pot ko rive pou sa, petèt. M vin reyalize tou ke nan kòmansman ane an, m te fikse tèt mwen objektif san m pa t vrèman santi dife pasyon an k ap boule m. Objektif mwen yo te konte pou mwen wi, men yo sanble pa t konte nan nivo pou yo anpeche m dòmi lannwit.

M gen enpresyon ke nan yon sans, se plis pou m pa t rete san m pa fè anyen, pou m pa t kite dezòd ak parès antre nan lavi m ki fè m te bay tèt mwen objektif m te genyen nan kòmansman ane an. Men franchman, pito se konsa ! Paske se nan eseye atenn objektif sa yo ke tou dousman, m te vin rapwoche m de yon seri de evènman ki te vin pouse m fikse kokennchenn objektif ki mete anpil eksitasyon nan kè m nan moman an.

Efò m yo pa t pou granmesi

Objektif septanm lan diferan de sa m te prevwa pou 2022 an, poutan se li ki ap reyalize la.

Men, èske sa vle di pil efò m te fè sou objektif inisyal yo pandan mwa pase yo pa itil anyen ? Pa ditou ! M rete kwè ke pil efò sa yo kontribiye nan rapwoche m pi plis de moun mwen vle ye an, e yon jou, si objektif sa yo toujou enpòtan pou mwen, m ap wè ke m atenn yo e se ap an pati gras a efò kòmansman 2022 yo.

Epi, se pa sa sèlman ! Efò pou lòt objektif sa yo te dousman redirije m vè nouvo objektif mwen an. Se te nan eksperimante ke m te dekouvri yon chimen kache ki te ka enterese m, e petèt ke sa pa t ap janm ko rive si m te chita m pa t ap fè anyen ditou !

Finalman, m byen kontan de direksyon objektif mwen yo fini pa pran an, e m rekonesan paske m te pasyan ak tèt mwen. Pwosesis lan te ase long e li pa t dewoule jan m te prevwa a, men li fè kè m kontan e li bon pou mwen jounen jodi an, e se sa ki konte !

Sa pou w kenbe

Bref, leson an se :

1) Sa ka pran tan pou objektif ou yo reyalize, ou ka ap fè efò poutan ou poko ka wè pwogrè epi ou gen enpresyon ke efò w yo pa vo anyen. Pa al kwè sa ! Ou ka sezi wè jan yon bon jou, tout bagay mete yo an plas (se pa nan yon jou sa rive, ou tou senpleman pa t wè pwogrè ki t ap fèt tou dousman yo, se lè rezilta a tonbe ke w remake avansman w lan paske w jwenn feedback)

2) Pafwa ou ka ateri nan yon bon plas ki totalman diferan de sa w te met nan tèt ou an (men li bon pou ou, e petèt menm pi bon ke rèv inisyal ou an!)

Konklizyon

Chemen ou te trase pou tèt ou an, ou p ap fòseman swiv li tou dwat. Pafwa pandan w sou chimen an, ou ap jwenn ti wout a kote ki enterese w e ki ap mennen w lòt kote.

Sa konn rive ke finalman, ti wout a kote yo fè w retonbe sou premye wout lan. Men pafwa tou, ti wout la ka mennen w sou yon wout ke w pa t menm vrèman imajine okòmansman an, ki diferan de sa w te trase a, men ki bon pou ou.

Tout sa, se pou m di w kontinye fè pwosesis lan konfyans. Depi ou kontinye met efò, yon jou kanmèm ou ap rive swa kote w te vle depi nan kòmansman an, swa yon nouvo kote ke w pa t konsidere men ki bon pou ou anpil.

Menm si se ti pa ti pa, ret kwè ke ou gen pou w rive. Menm si... lè w fin rive, ou pral vle ale pi lwen toujou paske se moun nou ye.

Ret konfyan, kontinye fè efò, fè ajisteman, chanje oswa abandone kèk bagay lè sa sanble nesesè. Kwè nan pwosesis lan paske yon bon lè, ou gen pou ou jwenn rezilta kanmèm.