Kont Pwokrastinasyon - Fè Lis Objektif Ou

Avèk nouvo ane sa ki kòmanse la, anpil moun bay tèt yo plizyè objektif. Menm si nou pa bezwen tann yon nouvo ane fini oswa kòmanse pou nou detèmine kisa nou vle, se trè byen ke yon moun deside fè lis objektif li.

Men pwoblèm ki souvan genyen ak rezolisyon nou pou nouvo ane an, se ke aprè yon ti tan nou pa rive kenbe. E lè konsa, swa nou bay vag nèt, swa nou lage nan pwokrastinasyon.

Nan fen ane 2021 an, m te anonse m pral fè yon seri video sou pwokrastinasyon. Ebyen… jodi a, m vin pale de kijan ou ka prepare lis objektif ou nan nenpòt peryòd nan ane a, e de jan sa ka ede ou konbat pwokrastinasyon.

Si ou prefere gade yon video olye ou li atik la, ou ka ale sou chèn YouTube mwen an pito. Klike sou imaj ki anba la a.

Ki rapò ki genyen ant pwokrastinasyon ak objektif nou yo ?

Abityèlman, nou pwokrastine paske nou pa pran plezi nan sa n ap fè a.

Se vre ke pafwa sa konn rive nou menm avèk bagay ki enterese nou tout bon. Men omwen nan ka sa, nou ka motive tèt nou pou nou fè sa nou gen pou nou fè an, kontrèman a si nou t ap travay pou yon bagay ki pa enterese nou vre.

Lè yon moun pa gen objektif, li ale kote van lavi mennen li, li ap fè yon seri de bagay san li pa klè sou poukisa li ap fè yo e si sa enterese l fè yo.

Pèsonèlman, gen lis objektif mwen ede m gen yon direksyon m ap swiv, e m santi m gen yon destinasyon. E pi enpòtan toujou, gen yon lis objektif ki enpòtan pou mwen ede m konbat pwokrastinasyon.

Kijan m fè lis objektif mwen ?

1. Idantifye dezi mwen yo

Se poze tèt mwen kèk kesyon tankou :

Kisa m vle ?

Kisa ki pi enpòtan pou mwen nan moman an ?

Kiyès m santi m anvi ye la ?

Kisa m ta renmen genyen oubyen fè ?

Ki kote m anvi ye ?

Kisa m ta renmen reyalize nan tèl dòmèn ?

Aprè sa, dezi m rive idantifye gras a kesyon sa yo, m mete yon peryòd tan pou yo. M reponn a kesyon : " Nan konbyen tan m ta renmen dezi sa yo reyalize ?"

Non sèlman mete tan sou dezi m yo ap ede m verifye pwogrè m yo, men sa ap ede m detèmine si se pou kout, mwayen oubyen long tèm m ap panse.

Sonje, peryòd tan sa pa nesesèman bezwen long. Ale a ritm pa w. Dayè, si ou pa gen difikilte pou etabli objektif ou, li trè pwobab ke w ta dwe kòmanse ak objektif sou kèk semèn, kèk mwa - petèt menm kèk jou - jis pou ou ka pran abitid la.

M dwe mansyone ke gen moun, se peryòd tan an yo chwazi anvan pou yo ka detèmine dezi yo. Yo mande tèt yo : "Nan tèl kantite tan, ki kote m ta vle ye ? Kisa m ta vle gentan fè ?"

Kit se dezi an ou rive idantifye anvan, kit se peryòd tan an, sa pa pi enpòtan pase sa. Chwazi metòd ki pi bon pou ou.

Men atansyon ! Sa ka rive ou gen yon lis ki gen yon pakèt dezi. Nan ka sa, ou dwe chwazi sa ki pi enpòtan pou ou yo pou ou ka pase a pwochen etap lan. Paske ou p ap ka travay sou tout dezi ou yo yon sèl kou, fòk ou konn kisa ki priyorite w.

2. Fòmile dezi ou yo nan yo nan yon fason ki SMART

Pou sa m vle an pa rete nan kad rèv sèlman, gen yon fason mwen dwe fòmile li. Pa egzanp, m remake m pa ekri ase atik sou sit mwen an, e m vle chanje sa.

Pibliye plis sou sit mwen an poko yon objektif, li se yon rèv, yon dezi. Pou li yon objektif, fòk li SMART

  • Spesifik : fòk m defini sa m vle a klèman, e fòk nenpòt moun ki tande m di objektif lan konprann sa m vle an. M vle pibliye plis kisa, ki kote ?
  • Mezirab : mwen dwe ka mete yon chif sou objektif lan, m dwe klè sou ki kantite m vle. M dwe ka mezire objektif lan. Kisa ki plis lan ? Èske se 2, 3, 8 atik ? Chak kilè ?
  • Aksesib : Se mande tèt mwen si m gen mwayen pou m atenn sa m swete an. Èske m ap ka jwenn tan, materyèl ak enspirasyon nesesè pou m ekri 4 atik pou chak semèn ?
  • Reyalis : pati sa sanble ak sa m fèk sot mansyone a. Se kesyone m sou si sa m vle fè a reyalizab. Se mande m si se pa yon bagay ki plis te ka rive nan liv oswa nan fim. Se reflechi sou si pa gen kontrent ki depase m ki ka anpeche m fè sa m vle a.
  • Fikse nan Tan : fòk mwen ka mete yon dat limit pou m atenn objektif mwen an, e fòk mwen gen yon dat spesifik pou m kòmanse. M pa ka annik di : “ane sa m vle fè tèl bagay”, m ka rive 31 desanm san m pa janm avanse sou objektif mwen yo pwiske m pa t janm bay tèt mwen ankenn limit tan.

Avèk itilizasyon endikatè SMART yo, ou ka wè ke dezi "pibliye plis" mwen an tounen yon objektif ki se : pibliye 4 atik sou sit mwen an chak semèn apati fevriye. E depi objektif mwen an byen fòmile, m ka pase nan twazyèm etap la.

3. Detèmine poukisa ou vle atenn chak objektif

Lè yon moun ap fikse yon objektif, li enpòtan pou li konn kisa finalite a ye, pou li konprann poukisa egzakteman li vle atenn objektif sa. Paske motivasyon an dire yon tan sèlman, se finalite a ki ka ba w kouraj pou ou avanse lè ou santi anvi abandone.

Se sa ki fè kounya, pou chak objektif mwen bay tèt mwen, m detèmine ki avantaj m ap jwenn nan atenn li, m chache konprann “poukisa” m anvi reyalize objektif la.

Pa egzanp, mwen vle pibliye 4 atik sou sit mwen an chak semèn paske m vle kiltive lanmou ak talan m pou ekri, paske m vle atire plis moun sou sit mwen an.

4. Divize chak objektif an ti moso, an etap.

Chanjman ak pwogrè souvan fèt ti kal pa ti kal.

Si ou annik fonse sou yon objektif an pansan ke ou pral atenn li konsa konsa, gen anpil chans pou ou bay vag aprè yon moman paske ou po ko ka wè rezilta ou t ap tann byen vit yo.

Lè nou divize yon objektif an ti moso, nou rann li pi reyalizab. Paske, se pa yon sèl kou n ap annik rete epi nou atenn objektif lan. Gen plizyè etap pou nou pase anvan nou rive kote nou vle a !

Repati chak objektif mwen an ti mòso sou peryòd tan m chwazi an, sa ede m pote chanjman m yo ti kal pa ti kal, e li pi fasil pou m wè kijan m ap avanse. Byen bonè, m ka konn si sa ap byen mache ou pa, si m dwe chanje strateji, si m sou wout pou atenn objektif mwen an.

Pou m kontinye avèk egzanp mwen an, gen plizyè etap anvan m rive pibliye 4 atik chak semèn sou sit mwen an tankou :

  • fè yon lis atik,
  • chwazi ki atik m ap ekri e konbyen tan sa ap pran m,
  • bay tèt mwen yon dat limit pou m gentan fini ak chak atik chak semèn,
  • ak yon pakèt lòt bagay ankò.

Fòk mwen mete yon dat kòmansman ak yon dat limit pou tout sa m ap fè ki konsène objektif mwen an. E dat limit sa yo, yo dwe a tou pri respekte.

E youn nan bagay ki pral ede m respekte dat limit sa yo, se “to-do lists” ke m pral elabore pou chak jou. Men koze lis sa, se pral sijè pwochen "Les Lundis de Louse" la.

Konklizyon

Youn nan bagay ki ede m pwokrastine mwens se fè yon lis objektif ki enpòtan pou mwen sou yon peryòd byen spesifik. Men... fè yon lis objektif pa sifi.

Lis sa pa la pou fè bèl, m dwe ap verifye li de tanzantan pou m wè ki kote m ta dwe ye, kisa m dwe "update" oubyen abandone. E sitou, m dwe gen yon plan, yon lis aksyon pou m poze pou m atenn objektif mwen yo. Nou pa ka imajine jan m anvi nou aprann plis sou sa nan pwochen "Les Lundis de Louse" la.

Bòn ane 2022, m swete ou travay plis sou tèt ou pou ou ka plis sanble a moun ou vle ye a !