Otantisite

Pwokrastinasyon ka gen plizyè koz. Gen solisyon nou ka jwenn nan chanje anviwònman ak abitid nou, men gen koz se lwen anndan nou pou n al chache yo epi fè ajisteman nesesè yo.

Lè m t ap prepare sijè "Planifye Jounen" nan kad Les Lundis de Louse lan, m te rive nan yon pwen kote m te gen difikilte pou m avanse. Aprè 2 jou ap pwokrastine malgre m te eseye aplike teknik mwen konnen yo, m te reyalize ke pwokrastinasyon an te gen yon koz ki pa t gen pou wè ak disiplin, yon koz ki te totalman pèsonèl.

M te gentan mete sou papye premye refleksyon m sou sijè an, men m pa t ka rive striktire yo. Nan bwouyon m lan, m te di menm ide yo plizyè fwa nan fraz ak kontèks diferan, kidonk m te dwe fè yon gwo travay pou m striktire yo.

Konfizyon + pwokrastinasyon

Menm jan ak tout lòt "Les Lundis de Louse" yo, m ta pral pale de yon bagay mwen eksperimante. M te sèlman gen pou m note fason m planifye jounen m, epi ajoute kèk eksplikasyon sou poukisa m fè l konsa.

Fasil, pa vre ?

Poutan sa m te remake, se ke chak lè m te gen pou m al travay sou bwouyon an, m pa t anvi.

Nan premye jou an, m te sipoze ke se petèt yon fatig mantal, e ke m te bezwen repo. Men nan dezyèm jou an, lè m te remake ke malgre m pa t ko fè lòt tach jounen an m pa t anvi atake m a "Les Lundis de Louse" lan, m te kòmanse santi ke gen yon pwoblèm.

M te fè jounen an ap fè lòt tach epi evite prepare video a. M te pase yon bon ti tan tou ap reflechi sou jan m pa t ka avanse avèk sijè video a alòske lè pou m filme l lan ta pral gen pou rive.

M pa t ka konprann sa ki t ap pase a.

Poukisa m t ap pwokrastine sou video a alòske m te pwodiktif pou lòt bagay ? Fè video sa yo antre nan kad pasyon m, li an rapò avèk objektif ki enpòtan pou mwen, m ap pale de yon sijè ki enpòtan pou mwen, donk kisa ki pwoblèm lan ?

Epi yon sèl kou, m tande youn nan vwa nan tèt mwen yo ki di : "Ou se yon enpostè. Men pwoblèm lan !"

M te tèlman sezi ! M pa t ka aksepte ke vwa sa gen rezon. Pou m ta yon enpostè, fò m pa ta janm aplike konsèy m ap bay yo !

M te kòmanse panse ke se senpleman youn nan moman kote lespri m ap ban m manti, e m te deside pa fè atansyon a sa. Men malgre tout sa m te fè, m pa t ka sispann panse a fraz sa : "Ou se yon enpostè."

E plis m t ap panse avè l, plis m t ap reyalize ke nan moman an vre, m te enkonsyaman santi m tankou yon enpostè. E lè m t al gade anndan m pou m ka reflechi plis sou santiman sa, m te sezi akoz sa m dekouvri an.

Yon revelasyon chokan

Se vre ke m ta pral pale de yon egzèsis m fè prèske chak semèn. Men gen yon grenn bagay m te mansyone nan bwouyon an ke m pa t fè : prepare lis tach lan an fonksyon de etap m pral atenn yo, epi mete lis sa alekri.

M te sèlman fè sa nan tèt mwen, e lis tach mwen an pa t ko ka fini paske gen nouvo etap 2 objektif ke m pot ko al mete tan sou yo.

Donk kòm mwen t ap konseye moun pou yo konnen kisa pwochen etap yo ye epi divize yo an ti aksyon ki pral fòme lis tach lan, 2 nouvo etap m pa t met tan sou yo an te anpeche m gen lis tach pou 2 objektif, e sa te sifi pou fè m santi m koupab, malgre lis tach ki konsène lòt objektif mwen yo te prè.

M te toujou konnen ke otantisite enpòtan anpil pou mwen nan desizyon m ap pran ak nan sa m ap fè. Men... m pa t ap janm imajine ke yon ti grenn aksyon m pa fè ta ka bloke m nan pataj m te vle fè nan LLL la, malgre m abitye fè aksyon sa, malgre nan moman an m fè tout lòt aksyon m te mansyone yo.

Pwiske m te konprann ke m santi m tankou yon enpostè paske pandan m ap ekri tèks lan, m pa t fè youn nan etap yo, m te kouri al ranje sa. M ale sou 2 etap yo, m mete yon dat pou m atenn yo nan fen semèn lan, e m fè lis tach mwen pou yo.

E toutswit aprè sa, m pase anviwon 1èdtan ap korije bwouyon Les Lundis de Louse lan byen fasil, san strès.

Konklizyon

Se vre m te egzajere nan fason m te trete tèt mwen de enpostè akoz yon ti detay ke m pa t respekte, m te dwe di pito ke "m santi m se yon enpostè nan moman an".

Men m te twouve sa enteresan anpil ke dezi m pou rete otantik lan tèlman fò lakay mwen ke li anpeche m avanse lè li pa prezan nan detay yo, pe enpòt a ki pwen detay sa piti.

Anplis, eksperyans sa te bon anpil pou mwen paske li konfime m ke malgre tout teknik m itilize, m ka pwokrastine pou plizyè lòt koz.


P.S. : Imaj nan atik la se zèv @karayiib - e pèsonaj lan rele Lou, menm jan avè m !