Pafwa, m santi m gen anpil bagay pou m fè oubyen sa m dwe fè an konplike, men m pa wè ki kote pou m kòmanse, e m tou pa fè anyen.

Anplis de sa, gen 2 bagay mwen remake ki souvan ankouraje m pwokrastine. Premyèman, pa t gentan klè sou kisa m pral fè pandan jounen an. E dezyèmman, genyen plizyè tach ki pa lye avèk objektif mwen yo.

Genyen yon lis objektif ki enpòtan pou mwen epi divize yo an etap, sa pa sifi pou ede m pwokrastine mwens jan m swete l lan. Tan an limite anplis ke se pase l ap pase, donk si m pa jere jan m ap itilize l, m p ap ka wè rezilta m vle yo.

Yon teknik ki ede m avanse avèk objektif mwen yo epi pwokrastine mwens, se prepare lis bagay m dwe fè pandan jounen m epi bloke tan pou yo, paske gen yon lis tach san m pa mete tan sou chak tach pa ase.

Si ou prefere gade yon video olye ou li atik la, ou ka ale sou chèn YouTube mwen an pito. Klike sou imaj ki anba la a.

Poukisa m planifye jounen m ?

Lè m pa planifye jounen m, pa gen anyen ki garanti ke m ap konnen epi fè sa m dwe fè yo. Paske kòm m wè m gen tout jounen an, m ka deside ke m a gentan fè bagay enpòtan yo, epi m al fè yon aktivite ki amize m annatadan. E kòm m pa t vrèman fikse tèt mwen yon limit tan, m ka voye tout bagay pou pita jan m vle.

Lè m planifye jounen m men ke sa m prevwa fè yo ale agoch adwat oubyen yo pa gen rapò avèk yon objektif ki enpòtan pou mwen, m konn pa anvi fè tach sa yo. Oubyen ankò, m fè yo men m pa ret enèji pou m fè sa ki enpòtan pou mwen yo.

Pou mwen, byen planifye jounen m se fè lis tach mwen, epi mete tan sou chak tach. Si ou pa renmen fè lis tach ou paske ou panse se yon gaspiyaj tan, m konseye ou fin li atik sa pou ou wè si ou p ap chanje davi.

M chwazi planifye jounen m pou 3 prensipal rezon :

  1. M vle toujou okouran de ki bagay ki pi enpòtan pou m fini oswa avanse sou yo pou jounen an,
  2. M vle klè sou priyorite chak bagay mwen gen pou m fè,
  3. M vle gen yon lè spesifik pou chak tach, yon fason pou m pa nan di ke m ap gentan.

Kijan m fè lis tach mwen ?

Menm jan ak lis objektif mwen yo, m prefere fè lis tach mwen sou Clickup, pou m ka jwenn tout afè m yon sèl kote.

1. Divize pwochen etap objektif mwen yo an plizyè ti aksyon/tach

Pou chak objektif, m al gad kisa pwochen etap lan ye. Etap sa yo, m dekonpoze yo an ti moso ki pi piti toujou, an aksyon m dwe poze pou m rive atenn yo. Aksyon sa yo, se yo ki pral fòme lis tach mwen an.

2. Repati tach sa yo sou yon kantite tan

Selon dat m te mete pou atenn etap mwen yo, m repati tach mwen yo sou yon kantite tan. M renmen fikse etap mwen yo pou fen semèn lan paske m wè sa ede m mezire pwogrè m pi byen, donk mwen repati aksyon m gen pou m poze yo sou tout semèn lan, sou plizyè jou.

3. Chwazi yon jou pou m reyalize chak tach

Pou chak aksyon sa yo, m chwazi yon jou pou m reyalize l, yon jou kote m konnen m gon espas tan ki disponib pou fè sa. M renmen genyen 3 aksyon prensipal nan yon jounen, paske m twouve se yon kantite ki rezonab e ki ka ede m pwogrese.

Si m wè 3 aksyon m chwazi pou yon jounen twò fèb nan sans ke yo p ap pran anpil tan, m ka kouple yo avèk lòt tach ki gen rapò avèk yo oubyen m ka ajoute lòt tach.

(Lè m pa fè lis mwen tach mwen pou plizyè jou, lè se ojou le jou m planifye jounen m, mwen mande tèt mwen : "Sou ki objektif m ka avanse jodi an ? "Kijan m ka avanse sou tèl objektif pandan jounen an ?". E selon repons yo, m chwazi kèk tach ke m etale sou jounen an.)

Yon egzanp de kijan m fè lis tach mwen

Youn nan etap ki konsène objektif ekri mwen an, se genyen atik dimanch lan prè depi vandredi. Pou sa fèt, m idantifye yon lis aksyon m dwe pran :

  • chwazi yon sijè atik,
  • pran nòt de premye ide m genyen yo,
  • fè rechèch si nesesè,
  • fin ekri atik lan,
  • korije li,
  • prepare aparans li pral genyen sou sit lan.

Ansanm aksyon sa yo, m al gade nan ki jou m ka mete yo. Kòm vandredi swa se dat pou m atenn etap mwen an, m konsidere jou ki anvan sa yo.

Chwazi sijè atik lan, pran nòt de ide m yo epi fè rechèch, m mete sa pou mèkredi. Fini atik lan, korije l epi prepare aparans li pral genyen sou sit lan, m mete sa pou jedi.

Depi m respekte dat sa yo, atik mwen an ap prè depi vandredi, m sèlman rete pou pibliye li dimanch.

Malgre se vandredi ki dat limit lan, mwen mete ke m dwe fini tout bagay jedi. M fè sa paske m pa renmen mete tach mwen yo nan jou m dwe atenn etap la. Kòm mwen pa janm konnen kilè ka gen yon pwoblèm epi m pa gentan fè sa m te prevwa a, m toujou eseye kite yon maj tan pou enprevi.

Aprè sa, m fè menm egzèsis la pou tout etap lòt objektif mwen pou fen semèn lan. Se sa ki bon tou nan pa fikse tèt mwen yon pakèt objektif yon sèl kou. M gen ase tan nan men m pou m atenn etap mwen yo lè m te di m t ap atenn yo a.

Gras a egzèsis sa, m vin gen yon lis tach pou m fè pandan jounen m. Men kounya, pwoblèm ki gen avèk lis sa, se ke li p ap sèvi m gran choz si m pa mete tan sou li.

M ka konn kisa m gen pou m fè nan jounen an, men si m pa t spesifye de kilè a kilè m ap fè l, jounen an ka fini sou mwen san m pa egzekite lis tach mwen an. Se pou evite yon ka parèy ke m aprann transfòme lis tach mwen yo an orè m.

Kijan m fè lis tach mwen tounen orè m ?

M twouve se yon bagay ki fasil lè m gentan konn kisa m gen pou m fè nan jounen an.

Pou chak tach osinon aksyon m te prevwa pou jou an, m fè yon estimasyon de konbyen tan m panse sa ka pran m. Pa egzanp :

  • chwazi sijè atik mwen an ka pran m anviwon 10 minit,
  • pran nòt de ide m yo ka pran m 30 minit,
  • e m ka mete 30 minit pou fè rechèch oubyen pou m reflechi plis sou sijè a.

3 tach sa yo, pwiske yo pa pran anpil tan e yo konsène menm bagay, m ka rasanble yo an yon grenn tach ki se fè bwouyon atik lan, e m estime ke sa ka pran m 70 minit. Jis oka ou, m mete li ap pran 90 minit, pou si ta gen yon enprevi, pou si yon bagay ta pran plis tan ke sa m te prevwa pou m pa nan tèt cho.

Pwiske m konn konbyen tan tach lan ap pran, mwen dwe spesifye yon lè kòmansman ak yon lè fen pou li. Pa egzanp, m ka chwazi fè bwouyon atik lan de 7è a 8è30.

Aprè sa, mwen mete tan sou tout lòt aksyon ke m te prevwa pou jounen an, jiskaske lis tach mwen an vin tounen yon kalandriye. Kalandriye m itilize, se Google Calendar, e yon avantaj m jwenn nan sa se ke tout tach mwen yo ki nan ClickUp e ki gen tan sou yo, otomatikman parèt nan Google Calendar.

Pèsonèlman, m pa renmen plen kalandriye jounen an ak tach ki pou plizyè objektif diferan. M renmen travay sou youn oubyen 2 objektif pa jou - petèt 3, si gen aksyon ki lejè e ki rantre nan kad abitid. Sa ede m pa ale nan plizyè direksyon pandan jounen an, m pa nan reflechi sou plizyè bagay diferan.

Yon lòt bagay m wè ki enpòtan nan koze kalandriye, se fleksibilite. Pafwa gen tach m genyen ki ap pran plis tan ke ti maj enprevi ou te mete a. Lè konsa, sa m aprann fè se sèlman diminye nan tan m te mete pou tach aprè yo.

Konklizyon

Gen yon lis tach pou chak jounen vrèman ede m pa nan ap poze tèt mwen kesyon "kisa m ta fè jodi a ?". Men pi enpòtan toujou, mete tan sou chak tach mwen yo ede m gen plis kontwòl sou jan m ap itilize tan m, epi pase alaksyon.

Tout tach merite nan kalandriye m, menm si yo tou piti, menm si se bagay m fè chak jou. Mete chak tach jounen an nan kalandriye fè m toujou konnen kisa m ta dwe ap fè egzakteman a tèl lè nan jounen an.

Se vre ke pafwa m konn planifye yon jounen epi, m pwokrastine kanmèm. Men lè m nan yon jounen ki pa planifye, li totalman pi fasil toujou pou m pwokrastine.

Pou mwen gen bon jou, e gen move jou, malgre teknik mwen eseye itilize yo. Men se pa paske sa pa bay rezilta a chak fwa, se pa paske sa konn rive m pwokrastine ke m dwe fè kòmsi teknik sa yo pa janm itil mwen.

Paske, aprè tou, se moun mwen ye, e pa toutan m ka fonse pou pi devan. E teknik yo, se jis yon èd yo ye, travay lan, se sitou nan lespri m ke li fèt. Si m pa santi m kapab, si m pa deside pase alaksyon, m ka gen tout teknik nan men m men p ap janm gen anyen ki fèt.