Seri sa m ap fè sou pwokrastinasyon an la, se pa konsa konsa m deside fè l. M te konn ap pwokrastine anpil a yon epòk, e sa te deranje m nan nivo ke m te fè yon pakèt rechèch ak eksperyans pou m chache jere sa.

Nan 2 dènye "Les Lundis de Louse" yo, m te pataje kijan fè lis objektif mwen avèk planifye jounen m ede m pwokrastine mwens. M pa konn si ou te gentan fè remak lan, men m pa kwè nan yon sèl grenn teknik, e teknik m itilize yo gen yon lyen.

Se trè byen ke m fè lis tach mwen e ke m mete tan sou chak tach, e ke tach sa yo konsène objektif mwen yo. Men m remake ke li souvan difisil pou m kenbe konsantrasyon m sou plizyè tach jounen an, pe enpòt a ki pwen yo enpòtan pou mwen.

Si m fokis twò lontan sou yon tach, m vin mantalman fatige e m pa ka ni byen fè tach lan, ni ret ase enèji pou pwochen tach mwen yo.

Se pou m te jwenn yon solisyon a pwoblèm sa ke m t al chache yon fason pou m fè tach mwen yo pandan m pa fatige sèvo m twòp. E se konsa ke nan chache chache, m te dekouvri teknik Pomodoro an.

Si ou prefere gade yon video olye ou li atik la, ou ka ale sou chèn YouTube mwen an pito. Klike sou imaj ki anba la a.

Avan tou, m dwe di ke gen plizyè teknik ki fè plizoumwen menm bagay ke Pomodoro ki egziste, men m chwazi pale de Pomodoro an paske se li ki pi popilè, e se li m itilize. Ofinal, se jis pran yon aparèy pou ou siveye tan, chwazi yon tach, mete yon kantite tan pou ou travay sou tach sa, epi pran poz pandan yon nonb minit spesifik avan ou rekòmanse travay.

Gen moun ki fè sa natirèlman, san yo pa t janm tande pale de Pomodoro, tou senpleman paske yo konprann enpòtans pou yo repran enèji anvan yo rekòmanse fokis.

Kisa teknik Pomodoro an ye ?

Nòmalman, ide an se fokis sou yon tach pandan 25 minit, pran 5 minit poz, epi rekòmanse fokis pandan 25 minit ankò. Chak 25 minit fokis reprezante yon pomodoro, e aprè 4 pomodoro ou ka pran yon poz 15 minit.

Fokis, sa vle di elimine tout distraksyon epi sèlman fè grenn tach ou sou li an.

Objektif ki dèyè teknik sa, se ogmante fokis ou le plis ke posib pandan 25 minit sa yo, yon fason pou ou ka fè maksimòm efò ou kapab pou ou avanse sou tach w ap travay lan.

Pomodoro ka trè efikas pou ede w akonpli tach jounen an. Avèk orè ou, gen omwen 4 etap ou pral pase :

  1. chwazi yon tach,
  2. lanse minitè a pou 25 minit kote ou pral fokis,
  3. pran 5 minit poz kote ou elwanye w de sa ou te fokis sou li an (m renmen al fè yon bagay ki detann mwen, ki distrè lespri m de tach mwen an),
  4. si ou tou fini avèk tach ou an, rekòmanse avèk etap 1 an. E si ou poko fini avèk tach lan, jis repete etap #2 an.

Si sa ta rive ke ou fini yon tach anvan Pomodoro an fini, sa pa vle di ou dwe pèdi fokis lan, donk kontinye avèk yon lòt tach, oubyen al verifye si tout bagay kòrèk nan sa ou sot fè a. Sonje ke ide an se ret fokis pandan kantite tan ou te mete an.

Gen aplikasyon ki kontwole Pomodoro yo pou ou, yo sonnen pou yo avèti w ke moman poz ak moman fokis ou fini oswa kòmanse. Men m pa wè li endispansab pou m itilize yon aplikasyon pou sa menm, paske m sèlman bezwen yon bagay ki pou kontwole tan pou mwen, e ki pou fè yon son pou atire atansyon m lè kantite tan m te mete a fini.

Men si ou vle eseye aplikasyon pou sa, monte sou App Store oubyen Google Play Store, epi tape pomodoro. W a chwazi sa ou pi renmen an !

M itilize minitè ki sou mont mwen an, e m pa t nan telechaje yon aplikasyon pou sa. Pafwa tou, m konn itilize minitè ki sou telefòn mwen, oubyen sou laptop mwen, men yon dezavantaj ki ka gen nan sa si yon moun pa gen ase kontwòl sou tèt li, se ke telefòn oubyen laptop lan ka vin yon sous distraksyon.

Men bon, m panse ke avèk abitid epi avèk yon ti dòz disiplin, yon moun ka aprann evite distraksyon aparèy elektwonik li ka pote, malgre li ap itilize aparèy sa yo pou kontwole tan li.

Èske se yon sèl fason ki genyen pou itilize Pomodoro ?

M fè anviwon 6 mwa ap itilize teknik lan a la lèt, men aprè sa m reyalize ke pafwa 25 minit fokis pa ase pou mwen, e pa konsekan m dwe ogmante kantite tan an.

Sa te tou fè m konprann ke teknik Pomodoro an, yon moun ta sipoze itilize l selon tip moun li ye an avèk jan de tach li ap fè nan moman an. Paske gen moun ki ka ret fokis pandan plis tan ke yon lòt, e gen tach ki pa ka gentan fini nan 25 minit men ki mande pou ou ret fokis jiskaske li fini.

Se sa ki fè m kwè yon moun ta dwe ogmante oswa diminye tan an jan li vle, pou li ka adapte teknik sa a bezwen l yo, a pèsonalite l, nan fason ki ap pi ede l pwodiktif lan. Si ou santi fokis pandan 25 minit lan twòp oswa pa ase pou ou, eseye chanje kantite tan an !

Menm poz lan pa fòseman bezwen 5 minit. Sa ka rive ke ou twouve 5 minit twò kout pou ou rechaje w, menm jan yon lòt moun ka twouve li difisil pou li rejwenn fokis li aprè yon poz 10 minit. Ou ka eseye itilize teknik Pomodoro an menm jan majorite moun fè l lan, men detanzantan ou adapte li a ou menm.

Yon bagay ki enpòtan pou sonje anvan ou chanje kantite tan jan ou vle, se ke ou dwe gen pasyans pou ou abitye w avèk teknik lan lè ou fèk kòmanse. Paske kòm ou fèk ap travay yon pomodoro a la fwa, sa ka rive ou pa ka fokis pandan lontan. Kidonk li ka preferab ke ou fè plizyè eksperyans avèk pomodoro bazik lan anvan ou mete kantite tan pa w.

Poukisa m chwazi itilize teknik sa ?

Lè m sou yon tach ki long, m gen tandans fatige aprè yon moman si m pa janm pran poz. M pèdi fokis mwen aprè yon kantite tan, sa ki ka anpeche m fini avèk tach mwen an. E menm si m ta rive fini l, m ka tèlman fatige mantalman ke m pa ka atake m a lòt tach mwen yo.

Gras ak teknik pomodoro an, m pase de yon eta fokis a yon eta poz, sa ki pèmèt mwen repran ase enèji pou m ka kontinye travay sou tach mwen yo.

Anplis, pwiske prensip pomodoro an se fokis sou yon tach pandan kantite tan m mete an, m pa nan fè plizyè bagay alafwa. M pa kite distraksyon "vòlè" atansyon m, e konsa m ka fini pi rapid e pi byen ak sa m ap fè nan moman an.

Lè m remake yon distraksyon tante m nan pwen ke m anvi abandone tach mwen an, m gad konbyen tan m rete e m raple tèt mwen 3 bagay :

1) tan poz lan gen pou li rive,

2) m ap ka pase tan poz sa nan distraksyon m lan jan m vle, e

3) pou m ka jwi de distraksyon sa san m pa santi m koupab, m dwe ret fokis sou tach mwen an pandan pomodoro m lan.

Ki lòt avantaj m jwenn ladan ?

  1. Pafwa m konn pa anvi fè yon tach, men m fòse tèt mwen fè li paske m konnen m dwe sèlman bay le meilleur de mwen menm pou ti tan m mete a. Si m santi m pa ka fokis pandan 25 minit lan, mwen lanse minitè a pou 5 minit sèlman. E lè konsa, swa m pran gou nan sa m ap fè a e m santi m anvi kontinye, swa m vrèman pa anvi kontinye men omwen m fè yon ti pwogrè sou tach mwen an kanmèm.
  2. M ogmante chans mwen pou m reyalize tout tach ki sou lis mwen an paske m pa fatige m mantalman yon sèl kou, m pran poz de tanzantan.
  3. Poz mwen yo itil mwen pou m bouje kò m, pou m repran kontak avèk antouraj mwen (sa ki konn fè kè m kontan), pou m pa ret chita ap fatige zye m devan ekran m pandan yon pakèt tan, pou m bwè dlo. (Byen antandi, m pa t ap konseye yon moun al pran gwo distraksyon pandan ti 5 minit poz, paske sa ka fè li ret kole la.)
  4. M gen plis tan lib nan men m. Paske pwiske m pa pèdi tan nan fè plizyè bagay a la fwa lè m fokis, m pa jwenn bagay ki ralanti m.

Konklizyon

Pomodoro an se yon teknik ki ede m pwokrastine mwens gras a jan li parèt mete tan nan yon bwat. Pwiske m konnen m pa pral fè tout jounen an ap travay sou tach konplike, pwiske m pa bezwen ret fokis nèt ale, depi m te byen chwazi tach mwen yo, m ogmante chans mwen pou m rive fè yo.

Pèsonèlman, m p ap chache pwodiktif tout jounen an. M remake ke gen yon limit konsantrasyon m ka atenn pou jounen an, e lè m depase l m fatige nan pwochen jou yo.

Men m vle rete fokis pou 5-6 èdtan nan jounen an, yon fason pou m ka fè tout pwogrè m kapab sou objektif mwen yo. E jiskaprezan, m remake Pomodoro ede m fè sa byen.

Byenantandi, sa konn rive ke malgre m nan yon pomodoro, m pa rive konsantre. Se pa grav, paske m gen enpresyon ke sa ap rive m kanmèm pou m pwokrastine yon jou ou lòt.

Dayè, gen plizyè koz ki ka kache dèyè pwokrastinasyon m lan. E souvan, lè m wè teknik mwen yo pa mache, se pafwa yon siy ke m dwe pran yon poz, oubyen al chèche kisa pwoblèm lan ye.

Pou m reponn a kesyon yon moun te poze m nan yon kòmantè, m pa rayi pwokrastinasyon. M sèlman vle pwokratine mwens, yon fason pou m ka fè pwogrè sou pwojè m yo. M konnen ke ap gen jou kote m ap pwokrastine pou yon rezon oubyen yon lòt, m sèlman pa vle pran sa pou abitid, m vle evite sa jan m kapab.

Sonje, ou ka tilize Pomodoro an nan fason pa w, selon kantite tan ou santi ki ap pi bon pou ou nan moman an. Se vre ke li te ka preferab ke ou pa fè mwens ke 25 minit fokis, men si ou vrèman pa santi ou ka fè tout tan sa, si 5 minit se maksimòm ou santi ou ka fè, swiv ensten ou.

Paske gen de jou kote nou gen mwens enèji ke lòt, e nou pa dwe twò di avèk tèt nou pou sa. Moman sa gen pou li pase, e annatandan, 5 minit fokis pi bon ke 0 minit.

E se menm jan pou peryòd poz yo. Si ou pa santi ou  byen, e ou twouve 5 minit poz lan twò piti pou ou, ogmante li nan fason ou wè ki pi benefik pou ou an, fè balans ki pi bon pou ou an ant tan fokis ak tan poz lan.