M gen difikilte pou m rete pwodiktif.

M fonksyone avèk yon enèji ki pa stab ditou : dèfwa m fè plizyè bagay enpòtan epi konplike nan yon sèl jounen, dèfwa m santi m pa ka menm leve yon ti dwèt pou m tape. E lè m nan dezyèm ka a, li prèske enposib pou mwen pou m pa pwokrastine, m anvi fè tout bagay sof travay.

Pwokrastinasyon konn afekte m a plizyè nivo, men dènye mwa sa yo, m dekouvri kèk teknik ki ede m pwokrastine mwens, e m vle pataje yo avèk nou. Se sa k fè m ap travay kounya sou yon seri video ak atik ki pral eseye ede nou avèk pwokrastinasyon, e m espere y ap itil nou.

(Si ou prefere gade yon video olye ou kontinye li atik lan, klike sou imaj ki anba la.)

Kisa pwokrastinasyon ye ?

Pwokrastinasyon se yon atitid nou genyen kote nou evite fè sa ki enpòtan oubyen ijan pou nou nan moman an. Sa ka rive se pè nou pè tach nou genyen an, oubyen… nou twouve li konplike, annwiyan pou nou, nou pa santi n anvi fè l.

Lè nou asosye sa nou gen pou nou fè a kèk santiman tankou mank enterè, strès ak laperèz, pou evite santiman negatif sa yo, nou al fè yon bagay ki fè nou santi nou byen pandan yon ti moman. Pa egzanp, n al nan telefòn nou, nou gad seri, nou fè tout bagay ke travay.

Pwoblèm ki gen nan sa, se ke aprè, konsyans nou souvan repwoche nou, oubyen lè a rive sou nou epi nou oblije fè sa n dwe fè a nan yon tikal tan, oubyen ankò… nan fen jounen an nou santi nou koupab paske nou mal itilize tan nou.

Erezman, yon moun ki vle evite pwokrastine ka dekouvri kek teknik ki ale avèk li e ki ka ede li sispann remèt a pita osinon pa fè sa l dwe fè.

Kijan m rive pwokrastine mwens ?

Nan kèk pwochen atik, m gen pou m apwofondi sa plis, men jodi a m ap pataje yon pwosesis ki ede m pwokrastine mwens :

1. Fè lis objektif mwen genyen pou omwen 6 pwochen mwa yo

Ki kote m ta renmen ye nan 6 mwa ? Sa m ta renmen gentan reyalize ?

M konnen ke gen moun ki ka twouve ke nou ta dwe fè objektif sou yon peryòd ki pi long ke sa, men… li pa fasil pou tout moun pou yo klè yon sèl kou sou objektif yo.

Si ou ka fè lis objektif ou sou plizyè mwa oubyen lane, m kontan pou ou e ou ta dwe fè sa !

Men si ou pa kapab tou, pa enkyete w pou kounya. Fè objektif ou sou peryòd ou kapab la, e aprè kek tan w a lonje peryòd la.

2. Chak jou, m prepare yon lis bagay m dwe fè pandan jounen an

Konnen alavans kisa m ta renmen fè ogmante chans mwen pou m rive fè yo, e nan fen jounen an, m pi byen ka evalye pwodiktivite m paske m konn kisa mwen fè ak kisa m pa gentan fè.

Yon bagay ki enpòtan pou mwen lè m ap fè lis sa, se mande m kijan chak eleman lis lan ap ede m atenn objektif mwen bay tèt mwen yo. Plis yon moun klè sou kijan chak aksyon nan jounen an lye a objektif li, plis li ap gen tandans rete motive pou li rive fè yo.

3. Itilize teknik Pomodoro an

Olye m travay yon sèl kou san pran poz, m divize tan travay mwen an an ti moso : m fè 25 minit ap travay, epi m pran 5 minit poz avan m refè 25 minit ap travay.

Altène moman fokis ak poz sa yo pèmèt mwen repoze sèvo m de sa m ap travay sou li an pandan 5 minit, aprè m fin eseye fè tout sa m kapab pou m avanse sou tach m te bay tèt mwen an pandan 25 minit.

Non sèlman sa ede m pi pwodiktif (paske lè m fokis, m fokis nèt), men sa ede m santi m mwens fatige lè m fini paske m te pran poz, m pa t fè tout tan an chita devan sa m t ap fè a.

Konklizyon

Majorite moun m konnen nan vrè vi an konn pwokrastine. M pa kwè pwokrastinasyon se yon prèv feblès, e m panse ke si yon moun vle pwokrastine mwens, li ka rive fè sa.

Petèt ke li sèlman gen pou konprann kijan li fonksyone an tan ke moun epi chache ki teknik ki mache pou li.