Petèt ke nan nivo sa la, ou fatige avèk atik sou pwokrastinasyon m yo. M konprann ou, men m sèlman vle ou reponn yon grenn kesyon pou m ka fini seri video sa an pè : “Èske ou te konnen ke pwokrastinasyon pa oblije yon move eksperyans pou ou ?”

Wi, m konnen 5 dènye Les Lundis de Louse yo pataje kèk konsèy pou ede ou pwokrastine mwens men… kòm nou pwobableman p ap ka retire pwokrastinasyon nan lavi nou, nou ka fè yon jan pou n pwokrastine nan yon fason ki bon pou nou.

Si ou prefere gade yon video olye ou li atik la, ou ka ale sou chèn YouTube mwen an pito. Klike sou imaj ki anba la a.

Miz an kontèks

M ap raple ke pwokrastine, se pa fè tach ki enpòtan oswa ijan pou nou nan moman an. Donk kit m al bay blag olye m al etidye, kit m al fè devwa pito, se pwokrastine m ap pwokrastine.

Pou mwen, pwokrastine pozitivman vle di fè yon bagay ki ka itil mwen e ki bon pou mwen pandan m ap pwokrastine a.

Menm si m vle pwokrastine mwens, m konnen m p ap ka retire pwokrastinasyon nan lavi m totalman. M ka sèlman chache pwokrastine mwens, paske pou yon rezon oubyen yon lòt, ap gen jou kote m ap prokrastine kanmèm.

E se pou jou sa yo ke li te enpòtan pou mwen pou m t aprann pwokrastine pozitivman.

Lè m vrèman santi m pa anvi fè yon tach, lè tout teknik m itilize pou motive epi ankouraje m pa mache, m eseye fè an sòt ke pwokrastinasyon m lan gen yon efè favorab sou mwen, m kontwole direksyon l ap pran, m kanalize l.

M byen di : m eseye. Paske se pa toutan m rive pwokrastine potizivman, pafwa m konn pwokrastine anpiiil e nan yon fason ki mizerab. Men menm si m pa rive fè sa a chak fwa, m prefere kontwole jan m ap pwokrastine olye m kite pwokrastinasyon an kontwole m.

Atansyon !

Video sa pa la pou li ankouraje w pwokrastine. Sa t ap fè m plezi anpil si ou ta chache pwokrastine mwens si ou santi sa nesesè. Men m konseye w eseye pwokrastine pozitivman lè ou vrèman pa ka anpeche w pwokrastine yo.

Kijan m pwokrastine pozitivman ?

Ase souvan, lè m ap pwokrastine, se nan telefòn mwen m ale.

Poutan gen plis ke yon milyon lòt bagay m ka fè olye m chita nan telefòn lan ap monte desann sou rezo sosyo. E menm si m deside rete nan telefòn lan, m ka vire sa nan avantaj mwen, m ka pwokrastine nan yon fason ki itil mwen, m ka pwokrastine avèk entansyon.

M ka divize aksyon m fè pou m prokrastine pozitivman yo nan 2 kategori : aktivite ki enstriktif epi aktivite ki detann mwen.

1. Fè yon bagay ki enstriktif (sa vle di ki ogmante konesans oswa eksperyans)

Pou mwen sa ka vle di plizyè bagay. Gendwa mwen

  • li yon liv oubyen yon band desine ki ap edike m sou yon sijè,
  • gad yon dokimantè oswa yon fim,
  • tande yon podcast,
  • fè yon seri rechèch sou entènèt la ki ka sanble san sans men ki ap aprann mwen yon bagay - menm si konesans sa ka parèt initil nan moman an,
  • bouje kò m,
  • al aprann fè yon bagay,
  • ak yon pil lòt posiblite ankò.

Avantaj aksyon sa yo genyen, se ke yo kenbe lespri m avèk kò m an mouvman, yo ede m fè sèvo m travay donk m pa totalman gaspiye tan m vre.

2. Fè yon bagay ki detann mwen

M renmen konsyaman chwazi fè yon aktivite ki fè m santi m byen. Li gendwa

  • pran yon ti repo,
  • pran yon poz,
  • detann mwen,
  • pase tan avèk moun ki konte pou mwen,
  • ofri tèt mwen yon ti moman plezi.

M chache nouri ijans pwokrastinasyon an avèk yon aktivite m konnen ki ap byen fè m byen sou yon fòm oubyen yon lòt.

3. Prete atansyon a sa m ap fè a

Gen de fwa kote m konn ap pwokrastine san m pa rive poze yon aksyon ki antre nan youn nan kategori m sot site la yo, m pa gen ase anvi pou m kontwole aksyon m ap poze pou m pwokrastine yo.

Si ou konn nan ka sa tou, m gen yon konsèy pou ou, e konsèy sa valab tou pou 2 kategori m sot site yo : nenpòt sa w ap fè pou w pwokrastine an, bay sa w ap fè an atansyon w.

Kisa sa vle di ?

Prete atansyon a sa ou ap fè pandan ou ap pwokrastine an. Pa fè li a mwatye, eseye pa distrè, konprann sa w ap fè a, poze tèt ou kesyon sou li, obsève ou, fè an sòt ke lè ou fin fè sa ou ap fè an, ou konprann oswa aprann youn ou plizyè bagay anplis.

Menm si sa ou ap fè a pa parèt enstriktif oubyen repozan, ou ka fè li itil ou.

Ou sou gade plizyè video blag san rete ? Reflechi sou bon sans ki kache dèyè kèk nan aksyon ou wè yo, prevwa reyaksyon moun yo. Lè ou ri, santi kè kontan w lan ki ap anvayi.

Ou ap gade video atis ? Obsève detay ki nan video, tande pawòl ki ap di yo, aprann de sa ou ap gade yo, remake kout kamera yo, eklaraj lan.

Konklizyon

M vrèman kontan ke m rive fè seri sou pwokrastinasyon sa. Byen antandi, m si ke gen yon pakèt lòt konsèy yon moun ka jwenn anplis de sa m bay yo, e m pa pretann ke teknik mwen pwopoze yo ap mache pou tout moun a chak fwa. Menm pou mwen, yo pa mache a chak fwa.

Men m espere ak tout kè m ke ou menm ki li atik sa yo, w ap jwenn kèk ide ak enspirasyon pou ou ka eseye pwokrastine mwens. E pandan w ap fè efò pou w adopte abitid ki ka ede w pwokrastine mwens, m swete w gen pasyans avèk konpreyansyon pou tèt ou lè w prokrastine malgre efò w yo.

Si malgre tout konsèy ou jwenn, ou poko ka rive pwokrastine mwens, se pa grav. Sa rive tout moun pou yo prokrastine, e valè w pa diminye akoz gen jou kote ou pa ka rete pwodiktif. Dayè, menm mwen ki ap ba w konsèy la, m di w m konn pwokrastine tou.

Pwokrastinayon ka gen plizyè koz, e sa ka rive ke pafwa li genyen batay la. Aprann de eksperyans ou yo, aplike konsèy ou wè ki bon pou ou yo, chache fè efò pou w amelyore pwodiktivite w, men pa janm bliye trete tèt ou avèk konpasyon.

Nou pa wobo, e li nòmal pou pafwa nou fatige oswa pa gen anvi avanse sou tach abityèl nou yo.