Avril 2022 te fè 2 lane depi m te kòmanse fè video ki sou devlopman pèsonèl, e pou n te ka selebre avè m, m te mande nou poze m kèk kesyon ke m t ap reponn nan yon video. Malerezman, alepòk, Wood pa t disponib pou n te fè video yo, men m resi jwenn okazyon pou m reponn kesyon nou yo nan video, e m rete kwè li pa twò ta.

Repons m pral bay yo ka ba w kèk endis sou kijan devlopman pèsonèl pa m te fèt pandan 2 dènye ane sa yo, donk m espere w ap kontinye gade video a. Ou nan Les Lundis de Louse, byenvini.

Si ou prefere gade yon video olye ou li atik la, ou ka ale sou chèn YouTube mwen an pito. Klike sou imaj ki anba la a.

M te resevwa anpil kesyon, e sa te vrèman fè m plezi ke anpil nan nou vle konn plis sou Les Lundis de Louse. Malerezman, m p ap ka reponn tout kesyon yo yon sèl kou, donk m te chwazi kesyon ki te repete anpil yo avèk sa ki te frape m yo. Si m pa reponn kesyon w lan nan atik sa, tann pwochen atik lan paske petèt w ap jwenn repons ou t ap chache an ladan.

1. Kisa ki te enspire w fè Les Lundis de Louse ? Kijan pwosesis lan te ye ?

Jan m te rakonte sa deja nan video ane pase an, Les Lundis de Louse te pran nesans paske m te vle fè yon bagay ke m renmen e ki itil mwen ak lòt moun sou rezo sosyo. Anvi sa te motive pa lefèt ke m pa t vle sèlman gen bèl foto sou paj mwen, e m te vle kreye kontni an fonksyon resous m gen disponib ak kapasite m panse m genyen.

Ide fè video an te nan tèt mwen depi an 2019, aprè m te fin rankontre Wood ki te fè yon video pou mwen. Sa te pran kèk mwa anvan m te rive gen kèk ide de kisa m pral pale, e sa te pran plis mwa toujou anvan m te resi komanse fè video yo.

Si video yo kòmanse lendi 6 avril 2020, se gras ak Wood ki te banm presyon nan dimanch swa, ki te di si m pa vin fè video an li p ap pale avèk mwen ankò. Donk… mèsi Wood !

2. Lè ou t ap kòmanse, èske ou pa t pè pou sa pa mache oubyen pou w pa gen parès nan wout ?

Biensûr que j’avais un peu peur que cela ne marche pas !

Aprè tou, m ta pral fè yon bagay m pot ko janm wè lòt moun fè, donk m pa t ka prevwa kijan piblik mwen an ta pral reyaji. M te yon ti jan pè tou pou moun pa vin mal entèprete sa m ap fè an, pou yo pa panse se pran m ap pran pòz m konn yon pakèt bagay, pou yo pa di m panse m pi bon ke tout moun.

Men finalman, m te vin raple tèt mwen ke pe enpòt sa m fè, ap toujou gen moun ki ap kritike, donk pito m fè sa m anvi fè toutbon an m fini.

Pou parès lan li menm, m pa kwè m te bay tèt mwen pwoblèm pou sa. M souvan panse ke sa k enpòtan nan moman, se kòmanse. Donk m pa t vle al kite laperèz de sa ki ka mal pase pita anpeche m kòmanse.

M panse ke PAFWA li pi bon pou w konsantre w sou yon pwoblèm alafwa. Pwoblèm demen yo a rezoud lè demen rive, ban m fokis sou pwoblèm jodi yo annatadan !

3. Quelle a été la plus grande difficulté rencontrée après la prise de cette initiative?

Rete konsistan. M gen pwojè ekri yon atik sou sa, donk m ap kenbe repons lan kout pou kounya.

4. Kibò w jwenn enfo yo? E kijan w fè sèten y ap rive sou moun ki gade yo?

Enfòmasyon m pataje nan video yo se swa rezilta eksperyans mwen yo, refleksyon sou bagay mwen li, refleksyon avèk obsèvasyon m fè nan antouraj mwen. M te gen yon pwofesè ki te souvan konn ap di m ke mond ki antoure m lan se yon laboratwa e m ta dwe aprann de li, e m te deside wè mond lan konsa vre.

Lè m pataje yon enfòmasyon, pa gen anyen ki garanti m ke y ap rive sou moun ki pral gade video yo. Lè m ap pale ak moun pwòch mwen, m renmen di ke lè m pale de yon bagay nan yon video, gen 55% chans ke se paske sijè a enterese m anpil, e rès 45% an depann de enterè m panse piblik mwen an ap genyen pou sijè an.

Sa fè ke le plus souvent, m tou senpleman pataje sa ki enterese m. Piblik lan ki apresye sijè a se jis yon bèl bonis !

5. Èske w pa konn jwenn dekourajman ? Si wi, kisa ki ankouraje w kontinye ?

Wi, m konn jwenn dekourajman !

Pandan 6 dènye mwa anvan m te oblije kanpe LLL, sou Instagram, video Les Lundis de Louse yo te konn gen plis ke 6000 - 7000 views aprè yon semèn, men sa pa t toujou konsa. Gen de lè li te difisil pou m te gen menm 1000 views

Anplis de sa, chèn Youtube mwen an pa gen ni anpil abone, ni anpil views, e sa dekourajan paske pou kalite efò m wè ki mete nan fè video yo, pou sakrifis ki fèt, li on ti jan fristran lè m wè efò sa yo pa apresye jan m ta vle an.

Men menm si m ta renmen plis moun gade video m yo, menm si m ta renmen wè chèn Youtube mwen an grandi, m aprann fè prèv de pasyans. Paske si gen yon bagay m aprann pandan 2 dènye ane sa yo, se ke menm si sa pran tan pou moun remake travay ou, depi sa w ap fè an bon, depi ou kontinye mete bon enèji ladan li, yon jou moun ap vin dekouvri w epi apresye sa w ap fè an.

M kwè ke sa se youn nan bagay ki ede m pa dekouraje. Paske m renmen fè Les Lundis de Louse, video sa yo bay lavi m yon ti sans an plis, e kèk grenn moun ki konn ekri m pou fè m konnen jan video yo ede yo ban m enpresyon ke sa m ap fè a pa pou granmesi.

Sa ka pran tan anvan moun apresye sa m ap fè an, men annatadan video yo pote satisfaksyon pou mwen nan plizyè sans e m kontinye kwè m ka ede kèk moun, donk m pa ka dekouraje nan nivo pou m ta bay vag.

6. Kisa LLL pote pou ou kòm chanjman ki rann ou plis fyè chak jou ?

Les Lundis de Louse ede m pran plis kontwòl sou lavi m, sa ede m avanse pi pre objektif “vin yon pi bon moun pou mwen ak pou lòt moun” lan. Nan prepare video yo, m gen plis okazyon pou m analize tèt mwen, pou m gade m nan yon miwa e pou m ka fè yon konparezon ant jan bagay yo ye pou mwen avèk jan m ta vle yo ye oswa jan yo ta dwe ye.

M gen plizyè ane depi m ap li, obsève epi reflechi, men pafwa m bliye kèk bagay. Les Lundis de Louse sèvi m de rapèl, yo ede m wè klè devan m ke m vle vin pi bon e mwen tou wè kèk fason m ka rive fè sa.

Se yon rapèl pou mwen ke m toujou ap aprann e ke m dwe mete sa m kwè yo an pratik, se yon rapèl tou ke nan fason pa m, mwen itil sosyete an.

Lè m gade moun m te ye anvan Les Lundis de Louse avèk moun mwen ye jodi an, menm si m konnen li nòmal ke m grandi, m santi ke gras ak enpak Les Lundis de Louse gen sou lavi m, m grandi pi byen e avèk mwens doulè.

M pi renmen moun mwen ye an, m soufri mwens, m plis fokis sou sante mantal mwen, m ap aprann viv pou tèt mwen olye de pou lòt moun, m ap eseye kreye vi m vle an a ritm pa m, e m rekonesan pou sa.

Konklizyon

M ap kanpe la pou jodi an, men ap gen yon lòt atik kote m ap reponn kèk lòt kesyon ankò. M te vrèman apresye ke n pran tan poze m kesyon sa yo paske yo te fè m reflechi anpil, e m te renmen sa.

M espere nou aprann kèk nouvo bagay sou mwen ak Les Lundis de Louse, e m espere tou ke ti pati sa yo nan istwa m lan ap ba nou ankourajman pou nou menm tou, nou ka kòmanse fè kèk bagay nou renmen.