Sa gen kèk semèn, m te pibliye yon atik kote m te kòmanse reponn kèk kesyon nou te poze m sou Les Lundis de Louse. M te di m t ap pote lòt repons pou nou nan yon pwochen atik, donc voilà !

Si ou prefere gade yon video olye ou li atik la, ou ka ale sou chèn YouTube mwen an pito. Klike sou imaj ki anba la a.

1. Èske li fasil pou m mete sa w aprann de LLL an pratik nan lavi w ?

Tout sa m pale nan Les Lundis de Louse, se bagay m gentan ap mete an pratik deja oubyen ke m panse m t ap mete an pratik si m te nan sitiyasyon an, donk li plizoumwen fasil paske m te gentan gen abitid mete yo an pratik anvan m vin pale de yo.

Daprè mwen, bon kèsyon an ta dwe "Èske li fasil pou m TOUJOU mete yo an pratik ?". Repons lan se non.

Non, paske gen de jou kote malgre m konn kisa pou m fè, m pa gen motivasyon an pou m fè l, e m pa fè l. Gen de jou tou kote m oblije fè konpwomi, e m pa konpòte m jan m t ap konpòte m nòmalman. Men m di tèt mwen ke se pa grav paske lavi an pa blan epi nwa sèlman, gen plizyè nuances de gris ladan.

2. Ki moun ki toujou la pou ou kòm fòs pou ankouraje w?

Mwen !

Depi premye jou an jiska jounen jodi an, se mwen ki TOUJOU la pou ankouraje m e m kontan de sa paske m gen enpresyon ke pa gen ankenn lòt moun ki t ap ka fè job lan pi byen.

Menm si pafwa m konn jwenn lòt moun ki ban m ankourajman ki konn itil mwen, moun ki toujou la pou mwen an, se mwen menm. E m twouve ke se yon bon bagay paske gras a sa, motivasyon m pa depann de ankourajman lòt moun.

3. Pourquoi le lundi? Pourquoi avoir choisi ce nom ?

Pourquoi le lundi ? Se pa t yon chwa ki te fèt taktikman, m dwe di.

Jan m te rakonte sa nan video m te fè pou premye anivèsè Les Lundis de Louse lan, se paske ide fè video sa yo te la depi yon bon ti tan men m pa t janm fè yo, epi Wood te ban m presyon yon jou dimanch pou m te vin fè video an nan lendi.

Kòm nou pa t vle al kite sa pou aprè, nou te annik fin filme, nou te tou pibliye video an menm jou an. Se konsa ke nou te tou vin kenbe jou lendi an pou pibliye video yo.

Gen yon moun ki te di m yon lè ke lendi pa t sanble yon bon jou pou li paske anpil moun pa kontan le lendi pwiske yo souvan pa t anvi wikenn lan fini, men mwen m twouve ke se yon bon jou pou m pibliye video m yo paske... petèt sa ap motive kèk moun pou semèn lan ! E m panse tou ke moun yo ap gen plis enèji pou mete kèk konsèy an aplikasyon.

Pou non an menm, m te chwazi li sur un coup de tête paske aprè nou te fin fè yon video, Wood te vle fè yon logo e m te oblije depeche m chwazi yon non byen rapid. M te fè kèk pwopozisyon non anvan sa ki pa t kenbe, e jou sa premye non ki te vin nan tèt mwen te “Les Lundis de Louse” paske m t ap panse ofèt ke pwofesè Marketing m te genyen alepòk lan te konn fè nou gade yon seri video ki rele Les Jeudi d’Émilie. E lè m di Wood non an, nou toulède dakò sou sa, e non an tou rete.

4. Kote w jwenn motivasyon pou w fè video chak lendi ? Ou pa konn anvi bay vag ?

M dwe di ke se pa toutan m gen motivasyon pou m fè video yo. Nan premye mwa yo, aprè antouzyasm moun yo fin retonbe, pwoblèm pèsonèl plis enpresyon m genyen ke sa m ap fè an pa resevwa apresyasyon m panse li merite te konn fè m pa anvi prepare video yo.

Gen kèk video ki filme ak yon ti kal preparasyon, sa ki pa t abityèl ditou pou yon moun tankou m ki te pèfeksyonis alepòk.

Ide bay vag lan te konn pase nan tèt mwen, sitou nan kòmansman an, lè m wè moun lakay mwen pa konprann mwen, lè m wè malgre sakrifis m ap fè m poko ka wè rezilta e m pa santi moun konprann mwen, lè gen plizyè lendi kote pa gen video e m pa ka chanje sa.

Men m panse ke m te rive kontinye malgre tout bagay paske plis tan t ap pase, plis m t ap santi enpak fè video sa yo te genyen sou mwen, plis m te kòmanse atire lòt tip moun nan lavi m tou. E sitou, lavi m te vin gen plis sans pandan m t ap fè video sa yo.

Jounen jodi an, pafwa m konn anvi sispann, men se pa paske m pa renmen fè video yo ankò, se pito paske m santi rezo sosyo fatige m anpil anpil. Men… m pa kwè m ka sispann fè Les Lundis de Louse pou kounya paske objekif ki dèyè video sa yo pi gran ke mwen, e m ta renmen ede anpil anpil anpil moun anvan m ta kanpe l yon jou.

5. Kisa ki te pouse w pran inisyativ sa ? E ak konbyen pousan ou satisfait de travay lan ?

M te pran inisyativ sa paske m te vle santi m ap fè yon bagay ki itil sou rezo sosyo yo. M te vle pote plis ke bèl foto sou Instagram, m te vle montre plis ki jan de moun mwen ye, e m te vle fè yon bagay ke m renmen e ki itil ni mwen ni lòt moun.

M panse tou ke youn nan bagay ki te motive inisyativ sa, se paske m te nan yon epòk kote m te vle jwenn yon sans a lavi m, se paske m te anvi ranpli kèk vid.

Nivo satisfaksyon, m ka di li a 90%. Menm si m vle amelyore video yo e m konnen yo ka pi byen ke jounen jodi a, menm si m konnen tou gen anpil bagay ki merite amelyore, menm si m konnen m ka atenn plis plis moun toujou, m kontan de pwogrè ki fèt yo, sitou nan 8-9 dènye mwa yo ! E aparaman, piblik lan renmen pwogrè an tou paske gen plis ke 20 mil nouvo moun ki vin swiv mwen nan espas tan sa.

6. Kijan w fè fè video yo san w pa timid ? Èske w pa t un peu timide lè w te fèk ap vini a ide an ?

Anvan m reponn kesyon sa yo, gen 3 bagay nou dwe konnen sou mwen :

  • m pa kwè m se yon moun ki timid,
  • m te konn pale anpil devan moun lè m te lekòl, e m te konn pale anpil an jeneral,
  • m renmen fè video.

Gras a sa yo, li plizoumwen fasil pou mwen pou m byen jere sa.

Malgre sa, nan premye video yo, te konn gen ti moman kote m te santi m malalèz, m te santi timidite ap monte paske gen moun ki la ki tande m ap pale. Men plis m ap fè video, plis m vin ap pi alèz nan pale devan kamera a.

M dwe di tou ke yon avantaj m genyen, se ke m pa kite gen anpil moun ki la lè m ap filme. E anplis sèl moun ki ka la yo, se moun m santi m alèz avèk yo, donk sa diminye strès m te ka genyen.

Si moun sa te poze m kesyon sa yo paske li anvi kòmanse konkretize yon ide men li santi ke timidite l se yon gwo baryè pou li, m espere li ap fè tout sa l kapab pou li kòmanse kanmèm paske timidite pa ta dwe anpeche w reyalize rèv ou. Erezman pou nou, nou an 2022, e gen plizyè astis ak konsèy nou ka jwenn nan liv oswa sou entènèt sou kijan nou ka jere timidite nou.