Anpil Ayisyen souvan di “Konsistans“ ak “Ret Konsistan“ paske yo mal tradwi anglè a (consistency). Men tèm kòrèk yo se “Konstans“ ak “Ret Konstan“.
Pou atik sa, m te prefere itilize tèm enkòrèk yo pou plis moun ka konprann.

Entwodiksyon

Dènyèman, gen yon moun ki te mande m kisa pi gwo difikilte m rankontre nan fè Les Lundis de Louse ye, e m te reyalize ke se rete konsistan. Nan reponn a kesyon sa, m te tèlman jwenn bagay pou m di ke m te deside fè yon video spesyalman pou m pale de repons mwen a kesyon sa.

Jodi m pral pataje avèk nou opinyon m sou "rete konsistan", epi... ou pa janm konnen ? Petèt ke nan li ti istwa m lan, w ap tou jwenn enspirasyon oswa motivasyon ou bezwen pou ou rete konsistan jan w kapab malgre tout bagay.

Si ou prefere gade yon video olye ou li atik la, ou ka ale sou chèn YouTube mwen an pito. Klike sou imaj ki anba la a.

Poukisa ou ta dwe rete konsistan malgre tout bagay ?

Lè ou vle yon bagay tout bon, lè ou kwè ladan l, sa pa sifi pou otomatikman rann lavi an bèl epi fasil pou ou. Se vre ke gen moun ki p ap konprann ou, gen moun ki p ap wè rèv ki byen klè devan je w lan, men se pa grav paske se rèv ou, se pasyon w, se pa pa yo li ye. E youn nan bagay ki KA ede w reyalize rèv ou an, se si w rete konsistan.

Miz an kontèks

Men, kisa sa vle di pou yon moun rete konsistan ?

Nan kad kreye kontni oswa antreprann yon bagay nan vi w, rete konsistan ka vle di kontinye fè efò, kontinye avèk sa w ap fè an pandan yon long peryòd pou w ka rive atenn objektif ou an. Pa egzanp, pou Les Lundis de Louse, rete konsistan ka vle di pibliye yon video chak lendi.

Konsistans pa gen menm fòm pou tout moun. "Rete konsistan" pa vle di menm bagay pou tout moun paske nou pa gen menm resous e nou pa gen menm challenge. Nou pa menm moun, nou p ap mennen menm vi donk nou p ap sipòte tout bagay menm jan.

Pou m rete nan kontèks rezo sosyo sèlman, m ka pran egzanp de jan gen moun ki poste regilyèman, plizyè fwa pa semèn. Pou anpil moun k ap gade, yon moun konsa se yon moun ki konsistan anpil, e yo ka ap plede pran l an egzanp pou konpare l ak yon moun yo konnen ki poste yon fwa pa semèn sèlman. Men sa yo pa konnen, se ke 1 fwa pa semèn sa ka mande anpil efò ak sakrifis anvan li rive fèt.

Ban m pale nou de konsistans nan kad Les Lundis de Louse kounya...

Istwa LLL ak konsistans

Pou yon moun k ap gade, sa ka parèt fasil pou annik pibliye yon video chak lendi… men epoutan !

Pandan 2 premye mwa yo, bagay yo pa t difisil paske te gen konfinman, donk m te gen plis tan; nenpòt jou Wood te di m vin filme, m te ka fè sa. Men lè lekòl vin reouvè nan peyi an, bagay yo vin konplike.

Lè m te fèk kòmanse ak Les Lundis de Louse, m te nan avandènye ane inivèsite. Kou m yo te konn pran mwatye nan jounen an, e se souvan lendi aprèmidi m te konn filme video yo.

M te vin oblije ap kouri monte Petyonvil aprè kou m yo pou m ka al filme. Pafwa m konn fin pase yon pakèt tan nan blokis, aprè sa m pase yon bon tan chita bò kot Wood lan pandan l ap edit paske fòk mwen la pou m verifye ke video a jan m vle an.

Gen de lè entènèt lan pa bon e m oblije ret Graphcity pou m tann video an poste sou Instagram avèk Youtube. Dèfwa tou, Wood gen lòt kliyan e tèt nou cho paske nou pa konn si n ap ka filme video jounen an.

Rete konsistan te yon veritab challenge.

Mete sou sa, lè m ap rantre ta aprè video yo, moun lakay mwen pa t konprann poukisa kèk ti video gen tout enpòtans sa pou mwen. Plizyè fwa yo mande m pou m sispann al fè yo, oubyen yo pale kòmsi se pa sa m ap regle vre. Donk yon pakèt pale anpil nan tèt mwen anplis de tout strès m te gentan genyen deja.

Aprè sa, genyen lefèt ke pafwa video  yo pa gen anpil vues, moun pa vrèman pataje yo oswa kòmante yo, gen moun k ap di m ke Ayisyen p ap renmen sa m ap fè an... tout bagay sa yo te konn trè dekourajan aprè m fin redi fè video yo.

Men, m te kontinye malgre tout bagay paske m renmen fè Les Lundis de Louse, m kwè ke yon jou plis moun ap jwenn yon enterè ladan li, e anplis, fè video sa yo bay lavi m twòp sans pou m ta sispann fè yo paske pa gen anpil moun ki enterese ak yo.

Jounen jodi an, plis moun gade epi pataje video m yo, m pa gen fanmi m k ap anpeche m fè video yo paske m granmoun lakay mwen jan yo di a, men ret konsistan toujou yon challenge. Wood vin deplizanpli okipe, li chaje lòt kliyan k ap pran tan l, e li vin difisil pou li pou li kontinye ede m avèk video m yo tankou avan.

Sa vin fè ke nou sòti nan filme yon video chak semèn pou n pase nan filme 3-4 nan yon jounen. Nou tonbe nan rate plizyè lendi malgre sa, e menm si sa souvan fè m mal ke video yo pa fèt e ke li difisil pou m pibliye chak lendi, m kontan pou efò k ap fèt pou rete konsistan malgre tout bagay.

Poukisa m rakonte w istwa sa ?

Gen 3 bagay m ap eseye fè w konprann, 3 mesaj m ap chèche fè pase :

  • yon jou oubyen lòt, nan sa w antreprann lan, w ap gen pou w rankontre avèk difikilte k ap anpeche w rete konsistan. Ou ka swa bay vag, swa travay di anpil anpil pou w rete konsistan, swa fè efò pou w rete konsistan jan w kapab.
  • Rete konsistan se yon challenge ki ka pran sous li plizyè kote : ou ka manke resous (tan, materyèl, lajan, talan), ou ka oblije fè anpil sakrifis poutan ou poko ka jwenn rezilta e sa fè w anvi dekouraje, ou ka nan yon anviwònman ki pa konprann ou e ki ap ba w pwoblèm, sa ki ta vle anpeche w rete konsistan.
  • chak moun genyen yon istwa dèyè konsistans ou wè l ap afiche nan sa l ap fè a. Ou sèlman wè rezilta final lan, men ou pa wè pil bagay ki ap pase an prive yo. Poutèt sa, non sèlman nou ta dwe evite konpare tèt nou avèk moun nou twouve ki konsistan anpil yo, men nou pa ta dwe di avèk moun nou twouve ki pa konsistan ase yo. Nou pa konn ki resous yo genyen oswa manke, nou pa konn ki kalite efò yo oblije fè pou yo ba nou rezilta final nou wè a.

M rakonte w istwa sa tou paske m vle w konprann ke dèyè 6-10 minit video ou wè chak lendi yo, gen anpil efò ki fèt e gen difikilte ki rankontre. M vle ou konnen tou ke dèyè pil ti poz mwen pran sou Instagram/Youtube yo, se pa toujou mwen menm ki chwazi kanpe, pafwa se oblije m oblije.

Konklizyon

Si m rive grandi avèk Les Lundis de Louse malgre m pa rive pibliye chak lendi nan ane an, si m rive wè sa kòm yon efò pou m rete konsistan, ou menm tou ou ka fè efò pou ou ret konsistan jan w kapab malgre tout bagay, e ou ka evolye tipa tipa tou. Paske ann serye, olye w pa evolye ditou nan sa w renmen an, pito w evolye tou dousman, pa vre ?

Kidonk pran video sa kòm siy pou ou pa twò di avèk tèt ou lè ou wè entèl parèt pi konsistan ke ou nan sa l ap fè a, kontinye fè efò, fyè de ou pou efò ou gentan fè deja yo.

Chak moun gen ritm pa yo. Ou ka p ap avanse osi vit ke yon lòt moun pou kounya, men w ap fè efò pou w avanse jan w kapab, e sa konte anpil. Ou ka poko rive kote w vle ye an, men nan fè sa w kapab jan w kapab, w ap fini pa ogmante vitès ou, e yon jou w ap rive.

Konsistans pa fasil men li pote fwi ! E lè sa, w ap sezi wè ki valè moun ki ap vin felisite w, ki ap admire w (ki ap rayi w tou ! men ap toujou gen sa nan vi an). Lesansyèl se ke ou gen yon vizyon e ke ou fè efò jan w kapab pou vin reyalize l.