Les Lundis de Louse - Ann Pi Byen Itilize Rezo Sosyo

"Rezo sosyo se youn pi move dwòg yon moun ta ka pran. Sensèman, m t ap konseye tout moun sispann itilize yo apati jodi a."

M si e sèten ou tande yon pawòl konsa deja. An jeneral se granmoun ki di sa, men gen kèk jèn ki pataje opinyon an tou.

Sa konpreyansib, pa vre ? Anpil nan nou pase jounen nou sou TikTok, Facebook ak Instagram, n ap gaspiye tan nou, n ap swiv zen, nou santi nou fristre nan gade sa moun poste, n ap pran nouvèl ki strese nou.

Men èske se sa sèlman nou ka fè ak rezo sosyo ? Èske yo pa gen bon kote ? Se rezo sosyo yo ki pwoblèm lan, oubyen nou menm ?

Si ou prefere gade yon video olye ou kontinye li atik lan, klike sou imaj ki anba la.

M sonje lè Facebook te kòmanse popilè an Ayiti, yo te konseye m pa itilize li, pa poste foto m pou moun pa gen aksè a twòp enfòmasyon sou mwen.

Jounen jodi a, gen de plizanplis moun ki ap ouvè kont sou youn oubyen plizyè rezo sosyo, nou pataje plis pati nan lavi nou sou yo. E sa, se yon bagay ki parèt totalman nòmal.

Nou ap dirije nou vè yon epòk ki trè fokis sou prezans anliy, anpil bagay enpòtan ki te konn ap pase nan vi reyèl lan vin ap pase sou rezo tou. Sa fè ou santi ke rezo sosyo yo la pou yo rete pandan yon bon tan.

Men, ki pwoblèm ki genyen ak rezo sosyo ?

Kèk enkonvenyan rezo sosyo

Rezo sosyo gen plizyè enkonvenyan, ki ka afekte sante mantal ak pwodiktivite ou. Pa egzanp,

  • gade piblikasyon lòt moun ka ba ou enpresyon ke ou menm, ou p ap viv,
  • sa ka kreye jalouzi, fristrasyon avèk mank konfyans nan tèt ou,
  • ou ka ekspoze ou a entimidasyon oubyen kritik negatif moun ki pa menm konnen w,
  • rezo sosyo ka fè ou gaspiye tan ou, paske tèlman gen bagay pou ou gade/tande, ou jwenn yon ankourajman pou ou kontinye pwokrastine,
  • epi tou, yo ka fè ou plede konsome yon pakèt kontni ki pa itil ou anyen.

Ah wi, rezo sosyo ka chaje ak negativite e yo ka mete lavi ak lespri ou yon ti jan an dezòd.  Men… se pa sèlman enkonvenyan rezo sosyo yo genyen, yo gen avantaj tou !

Kèk avantaj rezo sosyo

  • yo ka fè ou konekte a moun ki gen menm gou avè w,
  • yo ede ou dekouvri moun ki enspire w, motive w,
  • yo ka pèmèt ou eksplwate epi montre yon kapasite ou genyen,
  • ou ka aprann/edike w sou kèk sijè,
  • ou jwenn opinyon diferan sou bagay ki enterese ou, sa ki ka ede ou konstwi pwòp opinyon pa w,
  • ou ka itilize rezo sosyo kòm yon mwayen pou ou fè yon mesaj pase.

...

Gen tout tip moun sou rezo sosyo, gen plizyè kontni diferan, e de jou an jou, ou jwenn plis kont ki ap kreye tip kontni ki ale nan stil ou.

Li fasil pou nou fokis sou move kote rezo sosyo yo men, si nou ka jwenn bon bagay sou yo tou, èske se yo ki pwoblèm lan ? Èske se pa pito tip kontni nou ap konsome yo ?

Erezman, sou rezo sosyo, pa gen anyen ki fòse nou gade yon bagay nou pa vle. E pwiske nou ka chwazi ki enfòmasyon nou vle resevwa, nou ka pran kontwòl sou kontni n ap konsome yo.

Yon pi bon itilizasyon rezo sosyo

Men kèk aksyon ou ka kòmanse  jodi a pou ou pi byen itilize rezo sosyo :

1. “Unfollow” kont ki pa fè ou byen

“Unfollow” tout kont ou santi ki deranje lapè w oubyen ki pa pot anyen pou ou. Si ou sispann swiv kont sa yo, se piblikasyon ki enterese w ou ap jwenn lè ou ap "scroll" sou rezo sosyo.

Yon konsèy m t ap bay a moun ki pa vle “unfollow” zanmi yo paske yo pa vle pou sa fwase yo, se mete piblikasyon ak "story" moun sa yo sou silans. Ou pa sispann swiv kont yo, men ou pa wè sa yo poste yo sou "feed" ou.

2. Fè yon lis domèn ki enterese w

Panse a kisa ou anvi wè sou rezo sosyo yo, a sa w ap chache. Gendwa se sante mantal, mizik, lekti, motivasyon, dans, teknoloji, pa egzanp.

3. Chache kont ki nan domèn sa yo, epi al swiv yo

Ou ka swa tape non domèn lan nan "barre de recherche" lan, oubyen ou ka mande moun ou konnen ki kont y ap swiv e ki ap fè sa ki enterese w la.

4. Kontinye repete pwosesis sa

Ou ap evolye, gen kont ki enterese w jodi an ki ka pa enterese w demen. Se pa grav, pa santi ou koupab paske gou oubyen bezwen w yo chanje.

Kontinye "unfollow" moun ki pa pote anyen pou ou, al chache moun ki kreye kontni ki ap itil ou yon bagay, epi al swiv yo.

Konklizyon

Si ou filtre kontni ou ap konsome sou rezo sosyo yo, ou ka sezi wè jan ou fè yon pi bon eksperyans avèk yo. Rezo sosyo yo pa yon bon oubyen yon move bagay, se jan ou pral itilize l la ki ap fè li bon pou ou ou pa.