Rapèl Mèkredi #1

Ou ap pi kontan si ou sispann pran tout bagay pèsonèlman.
- Louse André Cadet

Lè m sispann panse ke se pwoblèm moun genyen avè m ki fè yo di oubyen fè m yon bagay mal, m blese mwens.

Lè m pa pran oserye kèk vye bagay moun di de mwen, m bay tèt mwen pwoblèm mwens.

Lè m sispann tire konklizyon, lè m sispann bay twòp enpòtans a sa moun panse de mwen, m sispann soufri pou anyen.

Lè m diminye atant ke m genyen de lòt moun, mwen mwens afekte lè yo gen yon konpòtman ki diferan de sa m te ka swete.

Lè m fè efò pou m pa kite nenpòt bagay afekte m, m sispann bay moun pouvwa pou yo vòlè kè kontan m.

M pi kontan lè m sispann pran kèk bagay pèsonèlman.