Rapèl Mèkredi #11

Valè m pa depann de apresyasyon lòt moun. Kit yo renmen m, kit yo pa renmen m, mwen ase.
- Louse André Cadet

Si se sou apwobasyon moun m ap baze m pou m konn kisa m vo, m ka panse m san valè. Paske menm jan gen moun ki ap renmen m, genyen ki p ap menm apresye m. E sa, sa pa yon dram.

Valè m, se mwen ki pi byen plase pou m konnen l. Lòt moun yo gen pati nan mwen yo pa konnen, e opinyon yo sou mwen ka chanje nenpòt kilè.

Apresasyon lòt moun twò frajil pou m ta itilize l kòm mezirèt pou m konn sa m vo. Epi... poukisa sa yo panse de mwen ta gen tout pouvwa sa sou yon bagay enpòtan tankou valè m antan ke moun ?

Mwen ase.

Si moun renmen m, se byen. Si yo pa renmen m, se pa grav. Paske valè m pa sòti nan apresyasyon lòt moun, li sòti nan jan m chwazi wè tèt mwen.

E mwen, m kwè ke mwen ase.


P.S. : Imaj nan atik la se zèv Kouka.