Rapèl Mèkredi #12

M merite tout sa ki bon pou mwen.
- Louse André Cadet

M chwazi kwè ke menm si lavi an ap toujou gen moman difisil, mwen merite viv yon bèl vi, yon vi m renmen.

Mwen se yon leman, m atire yon pakèt bagay ki bon pou mwen. Tout sa m vle, depi yo bon pou mwen, m merite yo.

M deside kwè ke lavi m ka ranpli ak benediksyon, e pa gen anyen ki twò bèl oswa twò bon pou mwen.

M merite tout sa ki bon pou mwen, e kòm mwen ap travay sou tèt mwen, m gen pou m resevwa yo kanmèm.


P.S. : Imaj nan atik la se zèv Kouka.