M p ap tann se lè sa m renmen yo pa la ankò pou m apresye yo.
- Louse André Cadet

Youn nan leson filozofi  "viv nan enstan prezan an" aprann mwen, se ke tout bagay gen pou yo pase yon jou, e pa konsekan m dwe aprann apresye sa m genyen depi kounya.

Twò souvan, m wè moun ap tann se lè gen separasyon pou yo konn valè sa yo renmen yo. Twò souvan m wè se nan absans ke nou kòmanse apresye sa nou te genyen. Men domaj... li twò ta e yo pa la ankò.

Nou konn gen lanmou pou lòt moun, pou kèk kapasite, pou yon mòd de vi, men nou tèlman pran sa pou "acquis" ke nou konpòte n kòm si yo ap toujou la, kòm si n a gentan apresye yo.

Lè sa m renmen yo pa la ankò, m pa vle gen regrè pou pawòl m pa t gentan di, pou enpòtans m pa t bay a sa ki te merite l, pou apresyasyon ak lanmou m pa t gentan montre oubyen santi.

Se sa ki fè rapèl sa enpòtan pou mwen. M vle bay sa m renmen yo valè ak apresyasyon chak jou, jan m kapab. M pa vle tann se lè yo pa la ankò pou m reyalize jan m apresye yo.


P.S. : Imaj nan atik la se zèv Kouka.