Rapèl Mèkredi #14

M merite resevwa kantite lanmou sa m prè pou m bay lan.
- Louse André Cadet

M merite lanmou. Yon lanmou ki pa tou zwilit konpare ak lanmou m ap bay lan.

M konnen kantite m ap resevwa a p ap ka egzakteman egal a sa m bay lan, men m kwè m merite yon lanmou ki vo sa m ap bay lan.

M merite pou moun mwen bay lanmou yo trete m byen tou, m merite yo renmen m ak yon entansite ki pwòch de santiman m ofri yo.

M pa vle janm fè erè satisfè m de yon lanmou ki fè m santi m pa ase, ki pa konble m.

M merite resevwa kantite lanmou sa m prè pou m bay lan, e m pa pral reziyen m ak ti moso lanmou ki parèt tankou se zèv y ap fè m.


P.S. : Imaj nan atik lan se zèv Kouka.