Rapèl Mèkredi #15

Kè kontan ka toupatou, menm nan ti bagay senp yo.
- Louse André Cadet

Pou moun ki konn a ki je pou yo gade, kè kontan pa konplike pou jwenn.

Se vre ke gen plizyè nivo ak dire kè kontan, e gen de lè nou pa santi nou gen ase fòs pou n al chache kè kontan an. Se vre tou ke tout moun pa gen menm gou, e gen moun ki pi renmen bonè konplike ke bonè senp.

Men yon moun ki aprann wè kè kontan toupatou, yon moun ki jwenn lajwa menm nan ti bagay senp yo, se yon moun ki ouvè kè l a lavi ak lanmou, ki bay tèt li yon chans pou l goute bonè.

Pa fè erè kwè ke senplisite twò piti pou l ta kenbe yon gwo kantite kè kontan. Pou mwen, kè kontan konn sòti nan plizyè bagay senp tankou:

  • resevwa oswa bay ti kado,
  • tande lapli k ap tonbe oubyen zwazo k ap chante,
  • konplimante epi ankouraje lòt moun oubyen tèt mwen,
  • santi sòlèy lan k ap karese po m,
  • goute yon ti mòsò manje ki byen gou,
  • li yon istwa ki bèl,
  • gade nyaj ak fòm biza ki ap pase nan syèl la
  • souri bay yon etranje oubyen devan yon miwa,
  • danse tankou moun fou sou yon mizik m renmen,
  • jwenn yon moun ki pran plezi nan tande istwa m ap rakonte l,
  • benyen ak yon savon santi bon,
  • wè papiyon,
  • pase tan ak moun mwen renmen yo,
  • ak yon pakèt lòt ti aksyon/jès ankò.

Se trè byen ke yon moun swete viv yon vi ki pi bèl ke sa li genyen jodi an. Men annatandan ke n jwenn vi nou reve an, nou dwe sonje ke menm nan vi nou genyen kounya, nou ka jwenn kè kontan.

Paske toutbon vre, kè kontan toupatou, menm nan bagay ki parèt senp pou nou yo.


P.S. : Imaj nan atik la se zèv Kouka.