M pa gen pou m fò e solid toutan. M gen dwa pou m santi vilnerablite m tou.
- Louse André Cadet

M renmen lè m santi m gen kouraj, lè m gen detèminasyon, lè m rete fò malgre difikilte m konn jwenn nan lavi an. Men m pa oblije konsa 24 sou 24, 7 jou sou 7.

Paske m pa yon senbòl solidite sèlman, li nòmal pou gen de jou kote m tris, kote m fatige, kote ti kè m sansib, kote m pa konn sa pou m fè e kote m anvi kriye. Li nòmal pou pafwa m anvi lòt moun pran swen m oswa fè pou mwen pil bon bagay m konn fè pou yo a.

Menm jan avèk fòs m konn montre m genyen an, vilnerablite m fè pati de mwen.

Non, m pa gen pou m fò e solid toutan; m gen dwa pou m santi vilnerablite m tou.


P.S. : Imaj nan atik la se zèv Kouka.