Rapèl Mèkredi #3

Nan tout difikilte, gen opòtinite.
- Louse André Cadet

Maten an, m tonbe sou rapèl sa ke m te ekri nan jounal mwen. Alepòk, ane an te fèk kòmanse, poutan fristasyon m avèk difikilte yo te gentan fè yon gwo pil.

Pwiske m te fatige pa santi prezans kè kontan m lan, m te deside analize tèt mwen pou m ka wè kisa ki ap ban m pwoblèm e kijan sa fè m santi m. Anplis de pwoblèm peyi an ki te bloke aktivite m, m te rive idantifye plizyè pwoblèm pèsonèl.

Reflechi ak koz deprim mwen an te ede m reyalize ke sitiyasyon m lan pa t sèlman gen move kote. Se vre ke gen bagay m pa t ka fè jan m vle a, men sa te vin ban m posibilite pou m fè yo yon lòt jan, oubyen pou m fè lòt bagay.

Pa egzanp,

  • m te gen plis tan nan men m pou m jere kèk bagay m t ap plede remèt a demen paske m te twò okipe (swiv kou an liy, li kèk liv, gad kèk ansyen fim, fè bèl netwayaj nan chanm mwen, desine),
  • m te gen posiblite pou m prete plis atansyon ak sa ki antoure m, ak sa m ap fè, ak sa m ap panse, ak jan m santi m,
  • m te ka pran kèk moman pou m pran swen kò m ak lespri m (medite, repoze m ase, fè egzèsis, trete m tankou yon moun mwen renmen),
  • m te rive plis konekte ak lanati (m te ka gade solèy lan k ap leve, gad zetwal yo byen ta nan lannwit pwiske m pa t gen obligasyon sòti oubyen dòmi bonè)

e sitou,

  • pwoblèm mwen yo te yon opòtinite pou m chache solisyon, pou m gad kijan m te ka pran kontwòl sitiyasyon an.

Jodi a, koz latwoublay yo ka chanje, men se menm sitiyasyon an ki repete. M bloke akoz difikilte m rankontre yo, e sa fristre m.

Men m chwazi fè plis ke plenyen epi ret chita tann ke sa pase.

M chwazi eseye wè opòtinite nan pwoblèm yo, e m vle sezi kèk nan opòtinite sa yo; m ka fè sitiyasyon an vire nan avantaj mwen.