Rapèl Mèkredi #4

M gen pouvwa sou lavi m. M ka poko metrize l, men li la.
- Louse André Cadet

Lè m santi m spektatè pwòp lavi m, m renmen raple tèt mwen ke menm si sa pa parèt evidan pou kounya, mwen gen pouvwa sou lavi m.

Paske anviwònman m, sitiyasyon lavi ak laperèz mwen yo ka fè m ret ap sibi tout bagay san m pa gen kontwòl sou anyen, men gen yon fòs ki ap dòmi anndan m.

Yon fòs ki, lè m santi m pare pou m lanse m, ap pèmèt mwen bay lavi m sans ak direksyon mwen vle a.