M vle plis, se vre. Men sa pa vle di m pa ka apresye sa m genyen deja.
- Louse André Cadet

M pa ta renmen manke moman prezan an tèlman m ap chache konstwi yon fiti ki pi bèl pou mwen.

Paske... m pa vle pou demen m regrèt ke m pa t pwofite de jodi a, m pa vle pou m ap swete tounen nan lepase.

Poukisa "vle plis" ta dwe vle di m pa ka apresye sa m gentan genyen ? Sa m genyen jodi an ka pa la demen, e demen, lè m fin gen "plis" sa m ap chache a, m ka vle plis toujou.

Pito m aprann gen rekonesans pou sa m genyen deja yo, menmsi m deside travay pou m jwenn plis.

Vle plis pa anpeche m apresye sa m gen deja, menm jan apresye sa m genyen deja pa anpeche m vle plis.