Rapèl Mèkredi #6

Nan tout sa m ap antreprann, kit m reyisi ou pa, m dwe fyè de tèt mwen pou efò m ap fè yo.
- Louse André Cadet

Lavi a pa rezime a reyisit ak echèk sèlman; gen yon pakèt lòt bagay diferan ki nan mitan 2 ekstrèm sa yo.

Antreprann yon bagay pèmèt mwen aprann, fè eksperyans, sòti nan zòn konfò mwen, eksplore epi dekouvri sa m pa t konnen.

Ap toujou genyen "echèk" nan vi an, men dèyè echèk sa yo, gen leson m aprann. E sa k pi enpòtan, se ke pou m rive fè sa m fè a, m te met efò, m te chwazi eseye.

E poutèt sa, m dwe aprann fyè de tèt mwen, m dwe fyè de efò m yo.


P.S. : Imaj ki nan atik la se zèv Kouka.