Pou m fleri, fòk mwen pran tan pou m wouze m.
- Louse André Cadet

M sonje lontan, m te swete gen bon jan lanmou ak ankourajman nan men pwòch mwen yo paske m te panse sa t ap pèmèt mwen fleri pi fasil.

Men plis m ap grandi, plis m ap konprann ke lanmou ak ankourajman lòt moun p ap sifi si m pa renmen epi ankouraje tèt mwen. Dayè, e si m pa fè pati moun ki gen chans grandi nan yon fanmi epanwi ?

Pou mwen, fleri vle di grandi, vin yon pi bon moun pou mwen ak pou lòt yo. Fleri vle di pran konsyans de potansyèl ak rèv mwen yo, epi al eksplwate yo.

Men... m p ap ka fleri si m pa fè efò pou sa, annik swete fleri san m pa fè anyen p ap ase. Fòk mwen travay sou tèt mwen, fòk mwen aprann konnen m e aksepte m, fòk mwen sipòte m epi trete m byen.

Pou m fleri, fòk mwen wouze tèt mwen.


P.S. : Imaj ki nan atik la se zèv Kouka.