Si gen yon bagay m ap aprann chak jou, se ke moman pafè a pa egziste.

Sa mwen wè kòm moman pafè jodi a ap sanble manke yon bagay nan je m, demen.

Lè gen yon bagay ki dwe kòmanse, li fasil pou di : "M a fè l nan yon pi bon moman". Men... nan ret tann pi bon moman sa, anpil tan ka pase, opòtinite yo ka ale, e petèt menm ke anvi an ka disparèt !

Li trè pwobab ke moman prezan an ap toujou manke yon bagay ki fè li pa "pi bon moman" an. Pito m kòmanse malgre tout kondisyon yo pa reyini olye m ret tann yon pi bon moman ki ka pa janm vini.


P.S. : Imaj nan atik la se zèv Kouka.