Chanjman konn fè m pè, men... souvan se sèl mwayen pou m grandi, pou m vin yon pi bon moun.
- Louse André Cadet

Sa konn rive ke m pa vle aksepte ide ke chanjman an nesesè.

Petèt ke se paske m pa vle pèdi espwa ke gen mwayen pou m sove sa m genyen kounya, petèt ke se paske m pa konn kisa chanjman an pral pote e m pè sa m pa konnen.

Men chanjman fè pati lavi a, e tout sa ki pou vin pi gran oswa pi bon dwe sibi yon chanjman kèlkonk.

Chanjman pa ènmi m, m pa ta dwe pè chanjman. Pito m wè li kòm yon mwayen pou m vin pi pre moun mwen vle ye a, pou m kòmanse jwenn sa mwen merite.


P.S. : Imaj ki nan atik la se zèv Kouka.