Te gen yon epòk nan lavi m kote m te santi m dwe pran swen sante mantal mwen, men m pa t ka rive jwenn teknik ki mache pou mwen toutbon. Alepòk, moun m te konnen yo pa t vrèman prè pou pataje teknik pa yo (oubyen, petèt ke m te pè mande), kidonk m te oblije ap avanse un peu "à l’aveuglette".

M eseye kèk bagay, m bay vag, m rekomanse yon lòt jan, m adapte sa m santi ki ka mache jiskaske m rive konstwi yon sistèm ki bon pou mwen. Pwiske m konnen nou souvan jwenn enspirasyon nan tande lòt moun ki ap pale de pwoblèm nou genyen, kite m pataje avèk nou kijan mwen pran swen sante mantal mwen.

Ou ka klike sou video a si ou prefere gade l olye ou kontinye li atik lan.

Lis sa genyen 7 mwayen m plis itilize yo. Pa fè atansyon a lòd m pral site yo a, li pa enpòtan. Se sitiyasyon yo ki detèmine ki mwayen ki ap pi efikas.

1. Fè netwayaj sa ki antoure m

Lè lespri m pa an pè, e m pa ka poze pou m idantifye pwoblèm lan oubyen jere l, m renmen fè netwayaj sa ki antoure m. Gendwa se biwo kote m ap travay la, rad oubyen liv mwen, veso, video ki sou telefòn mwen. Pafwa li konn menm moun ke m ap swiv sou rezo sosyo !

E jeneralman m santi m pi byen aprè sa. Petèt ke se an pati paske m gen enpresyon ke m rive gen kontwòl sou yon bagay, epi pote chanjman.

2. Eksperimante gratitid

Pratike gratitid ede m sonje ke menmsi anpil bagay ap mal pase pou mwen, gen bon bagay nan lavi m tou, pe enpòt jan yo ka parèt twò piti oubyen òdinè nan je m.

Se sa ki fè ke anvan m al dòmi, m renmen fè yon lis 3-5 bagay ke m gen gratitid pou yo paske yo te fè m santi m byen, menmsi se te pou kèk segonn. Pafwa tou, m remesye moun pou sa yo fè pou mwen, oubyen m rete m di mèsi nan kè m pou tout sa m genyen e ke m ta ka pran pou aki.

Eksprime gratitid pwodwi emosyon pozitiv lakay mwen, e sa, sa ede m santi m byen.

3. Pran konsyans de emosyon ak santiman m yo, pran nòt

Sa ka paret bazik men, pran nòt de sa m santi epi mete yon non sou yo ede m anpil. M wè pi kle, m konprann pi byen, e m gen plis enfòmasyon nan men m pou m ka konn sa pou m fè.

Men anvan m rive pran nòt de sa k ap pase anndan m, fòk mwen konsyan ke gen bagay ki ap pase anndan m. Akoz de sa, m renmen prete atansyon a kisa m santi, e m souvan ap mande tèt mwen : “Kijan ou ye, Louse ?”

Gras a sa, li pi fasil pou mwen pou m konn kijan sa ap mache, e kisa m ka fè pou m pote chanjman oubyen rekonfòte m.

4. Fè egzèsis regilyèman

Lontan m te panse ke egzèsis ki konte, se lè ou al nan gym oubyen ou ap fè mouvman ki fè ou swe. Poutan, m dekouvri ke lè m fè 5 minit ap byen detire chak maten, kò m ak lespri m pi pare pou atake jounen an.

M reyalize ke egzèsis pa bezwen yon bagay konplike, ki mande anpil tan ak lajan. Gendwa se fè yon ti mache le maten oubyen lèzapremidi olye ou kouri al pran machin oubyen moto, gendwa se pran 10 minit chak jou pou fè kèk egzesis, pou fè yon ti yoga byen senp.

Lesansyèl, se mete kèk minit nan jounen an pou fè egzèsis. Sa bon pou nou paske lè nou fè aktivite fizik, sa stimile misk yo, san pi byen sankile, e sèvo a pwodwi yon seri sibstans chimik ki fè n santi nou byen.

5. Aprann oubyen pratike yon aktivite m renmen

Sa konn rive m pou m pa wè tan k ap pase, pou m pa panse a anyen ankò lè m ap fè yon aktivite m renmen.

Se vre ke gen defwa sa pa pote lajwa pou mwen paske m gen lòt preyokipasyon nan moman an, oubyen paske m ap chache toujou ki aktivite m vrèman renmen, men gen yon byennèt imans ke m santi lè m rive konplete oubyen avanse sou yon bagay ke m renmen fè.

Ann pran Les Lundis de Louse, pa egzanp. Lè m pa santi m byen, travay sou li ban m enpresyon ke m itil, ke m ap eksplwate potansyèl mwen, ke m jwenn posiblite pou m amelyore m. Pratike sa m renmen ban m enpresyon ke m jwenn yon rezon pou m egziste, e sa fè m santi m byen.

6. Pase tan ak moun ki ban m bon enèji

Keseswa pa telefòn oubyen fas a fas, li enpòtan pou nou fè yon jan pou nou pase yon ti tan ak moun ki ba nou bon enèji. Gendwa se yon moun ke nou respekte, ke nou renmen e ki renmen nou, ki ankouraje nou.

Se sa ki fè omwen 2 fwa pa semèn, mwen toujou pale avèk yon gran frè m paske m konnen m pa ka pa santi m byen aprè sa. Non sèlman li pataje yon vayb pozitif avè m, men li fè m santi ke li kwè nan mwen, ke li renmen m, ke m konte pou li.

E an retou, m santi m renmen li e m plen ak rekonesans paske m genyen li nan vi m. Donk pase tan ak yon moun konsa ban m plizye tip bon enèji.

7. Konekte ak lanati

Reflechi sou video sa ede m reyalize ke pandan tout vi m, m toujou viv yon kote ki pèmèt mwen pwòch ak lanati. Swa kote m rete a bò dlo, oubyen chaje pyebwa ak zwazo, oubyen m ka wè syèl la ak zetwal yo byen.

E kòm rezilta, prèske chak jou m pran tan pou m obsève lanati, e se enkwayab a ki pwen sa ede m santi m byen. Obsève lanati fè m sonje ke m tou piti nan linivè, men ke m konte. Sa fè m reyalize ke menm si m piti, m gen wòl pa m pou m jwe nan sistèm lan pou li byen mache.

Konklizyon

Lis sa m pataje avèk nou la pa konplè, e li pa mache pou mwen a 100% a chak fwa. M ap aprann toujou, e kòm mwen plede ap chanje, detanzantan m oblije pote kèk chanjman nan jan m pratike teknik yo.

Sa m espere, se ke li atik sa fè ou reflechi a ki fason ki ka mache pou ou pou pran swen mantal ou. M espere ou ap pran sante mantal ou oserye e ke ou menm tou, ou pral chache dekouvri ki sistèm ki pi bon pou ou nan sans sa.

Pran swen tèt ou !